Accessibility links

Breaking News

Sekretè Jeneral OEA a ap rive ann Ayiti Lendi 17 Janvye 2011 la


Yon nòt pou laprès ki sòti nan Oganizasyon Eta Ameriken yo fè konnen Sekretè Jeneral OEA a, José Miguel Insulza, ap rive nan Potoprens, kapital Ayiti, lendi 17 janvye 2011 la pou l fè chita-tande avek Prezidan René Préval, Premye Minis Jean Max Bellerive e ak responsab KEP a (Konsèy Electoral Pwovizwa a). Anvan sa, Msye Inzulsa pral rankontre ak Chèf Misyon obsèvasyon CARICOM-OEA a, Colin Granderson, ki te nan tèt gwoup espesyalis ak pwofesyonèl ki t al swiv eleksyon prezidansyèl e lejislatif ki te dewoule nan dat 28 novanm pase a.

Sekretè Jeneral Insulza pral pale avek zotobre ayisyen yo sou rezilta obsèvasyon yon komisyon ekspè Oganizasyon Eta Ameriken te voye al re-evalye eleksyon yo e sou rekòmandasyon ki nan rapò final komisyon sa a. Ekspè OEA yo te remèt rapò yo a bay otorite ayisyen yo jedi 13 janvye 2011 la.

XS
SM
MD
LG