Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Hillary Clinton Pale de Ranfòsman Sekirite o Zetazini nan Okazyon 10èm. Anivèsè Atak Teworis 11 septanm 2001 an


Sekretè Deta Hillary Clinton Pale de Ranfòsman Sekirite o Zetazini nan Okazyon 10èm. Anivèsè Atak Teworis 11 septanm 2001 an
Sekretè Deta Hillary Clinton Pale de Ranfòsman Sekirite o Zetazini nan Okazyon 10èm. Anivèsè Atak Teworis 11 septanm 2001 an

Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, fè yon diskou vandredi 9 septanm 2011 la, nan Inivèsite John Jay College of Criminal Justice, nan Nouyòk, kote li pale de chanjman ki fèt e ki kontinye fèt nan sistèm sekirite Lèzetazini depi atak teworis 11 septanm 2001 yo –chanjman pou adapte sistèm nan selon kalite menas ki peze sou peyi a.

Chèf diplomasi amerikèn nan di :

“Lè n gade dèyè e lè nou gade devan –aprè nouvèl nou resevwa yè-swa e ki sòti nan sous ki merite konfyans, nouvèl ki konfime- sa bay enfòmasyon sou efò al-Kaida kontinye fè pou l frape ameriken; e kote li vize pi espesyalman, se Nouyòk ak Washington.”

Sekretè Deta Clinton kontinye pou l di, malgre tout efò ki fèt deja Ozetazini pou diminye e dejwe menas teworis yo, travay la poko fini.

Tankou kèk nan manm Komisiyon ki te fòme aprè atak 11 septanm nan te rapòte sa pa gen lontan, genyen nan rekòmandasyon enpòtan yo te fè ke nou poko mete ann aplikasyon. Pa egzanp, ajan ki la pou reponn rapidman lè gen yon ijans, poko genyen frekans-radyo yo bezwen pou youn kominike ak lòt yon fason efikas lè genyen yon kriz.”

Sepandan, Sekretè Deta Clinton di otorite responsab yo ap eseye tout mwayen posib pou yo ranfòse sekirite peyi a. Nan sans sa a, genyen taktik ak teknik tou nèf yo itilize pou pèmèt Lèzetazini tounen yon peyi ki mwen ekspoze anba zak teworis. Pa egzanp, efò konsa ap fèt nan nivo fwontyè peyi a ak nan misyon konsilè ameriken kote yo bay etranje viza pou yo antre nan peyi a.

Sou pwen sa a Madanm Clinton di:

“Nou mete anpil aksan sou inovasyon; pa egzanp, kounyela a n ap itilize teknik biyometrik trè avanse pou n amelyore sekirite a sou fwontyè nou yo ak mwayen nou itilize pou n bay viza.”

Pou sa k gen rapò ak nouvèl sou menas teworis otorite Nouyòk yo resevwa nan sware jedi 8 septanm 2011 an, Sekretè Deta ameriken an di:

"Nou pran menas sa a oserye anpil. Otorite nan tout nivo --federal, Eta ak lokal-- ap pran tout dispozisyon pou yo fè fas ak sa. E, natirèlman, si yo pran desizyon pou yo mete piblik la o kouran jan yo fè sa yè-swa, se pou yo envite plizyè milyon Nouyòkè ak Ameriken pou yo rete vijilan, ak je-yo byen ouvè, ak zòrèy-yo an twonpèt."

XS
SM
MD
LG