Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Hillary Clinton Mande Refòm Nan OEA Ak Retou Honduras Nan Gwoup Latino-Ameriken An


Chèf diplomasi Etazini an egzòte tokay li yo kite Honduras retounen nan òganizasyon rejyonal la, paske, dapre sa li di "nouvo gouvènman an satisfè angajman rekonsilyasyon li te pran yo."

Sekretè Deta Hillary Clinton lanse apèl pou mande yon refòm finasye "prese-prese" ak yon restriktirasyon politik Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA). Apèl sa a tonbe nan karantyèm Asanble Jeneral òganizasyon rejyonal la nan Lima, Pewou; yon Asanble jeneral, kote pozisyon patisipan yo te diferan anpil sou kesyon Honduras la, konpare ak jan sa te ye ane pase apre koudeta a.

Clinton deklare Lèzetazini kontinye apiye OEA, ki gen katye-jeneral li nan Washington, DC, antanke premye òganizasyon miltilateral emisfè a.

Men nan yon apèl file pase yon lanm jilèt nan direksyon tokay rejyonal li yo, chèf diplomasi Etazini an di, gwoup la (ki te pran nesans an 1948) bezwen yon bon "cure d'amaigrissement" akòz sa li rele yon "pwoliferasyon manda". Sekretè Deta ameriken an deklare "san yon plan refòm, (ke l' espere va vini anvan kèk reyinyon bidjè mwa septanm nan) òganizasyon an pap kapab mentni kadans fiskal li."

Clinton fè deklarasyon sa a pandan yon deba jeneral kesyon politik rejyonal yo te domine nèt-al-kole—pami yo, hing-hang sou koudeta nan Honduras ane pase a.

Yon bann peyi latino-ameriken enpòtan, tankou Brezil, Ajantin ak Venezuela pa rekonèt rezilta eleksyon novanm ane pase a nan Honduras ki mete sou pouvwa a Porfirio Lobo kòm nouvo prezidan, paske gouvènman pwovizwa ki te anplas la te refize retabli lidè dechi Manuel Zelaya.

Men Clinton egzòte tokay li yo kite Honduras, ke yo te kwape kòm manm nan mwa jiyè ane pase, retounen nan òganizasyon an, paske, dapre sa li di "nouvo gouvènman an satisfè angajman rekonsilyasyon li te pran yo."

"Nou wè eleksyon lib e onèt prezidan Lobo e nou wè prezidan Lobo satisf èobligasyon li yo nan kad akò Tegucigalpa/San-José a, tankou fòmasyon yon gouvènman rekonsilyasyon nasyonal ak fòmasyon yon komisyon verite. Tout bagay sa yo demontre yon angajman solid e konstan vizavi gouvènans demokratik ak lòd konstitisyonèl, dapre Sekretè Deta Clinton.

Pou pawòl sa yo, Clinton jwenn apui, minis afè etranjè Guatémala a, Haroldo Rodas, ki reklame retou rapid Honduras nan OEA ansanm ak kreasyon yon komisyon gwo chabrak pou verifye retablisman sistèm demokratik li.

Men, anpil lòt minis afè etranjè pa dakò...pami yo, Ricardo Patino, chèf diplomasi Ekwatè, ki di gouvènman li an kondane move tretman misye Zelaya ke l' kalifye kòm prezidan lejitim Honduras.

"Gouvènman mwen an pa kapab rekonèt nouvo gouvènman Honduras la pandan genyen vyolasyon dwazimen k'ap fèt, selon Ricardo Patino. E yo dwe rekonèt Zelaya nan tout dimansyon li, ak tout garanti nan peyi li. E sila ki responsab pou kou a, sila ki kraze dwazimen ak garanti demokratik yo dwe resevwa pinisyon pou zak sa a."

Lòt tèm ankò ki te fè pati deba a ak diskisyon youn ak youn yo, se nouvo lwa imigrasyon Eta Arizona a (yon Eta ameriken) ki vize etranje san papye legal yo. Lwa a ap antre an vigè nan fen mwa jiyè e li egzije lapolis Arizona bloke sikilasyon otomobil ak lòt aktivite woutin kretyen-vivan ap fè chak jou pou poze yo kesyon sou sitiasyon legal yo nan Eta a, depi polisye yo gen bon jan rezon ki fè yo sispèk yon moun pa rezide yon fason legal nan Arizona.

Minis afè etranjè guatemaltèk la, Haroldo Rodas, ki t'ap pale atravè yon entèprèt, di respè diyite ak dwa fondalnatal endividyèl yo ta dwe "kondisyon" pou tout lwa sou migrasyon. "Guatémala kondane tout law ki trete imigran ak fanmi li tankou kriminèl... se yon vyolasyon dwazimen li, e sa pa danse-kole ak relasyon bon vwazinaj ki ta dwe egziste ant patnè e ant nasyon yo."

Gouvènman Obama a pa dakò lwa Arizona a, men moun ki anfavè l' yo, nan Arizona ak lòt kote, di objektif lejislasyon an se senpman kore lwa imigrasyon ki la deja yo.

Sekretè-jeneral OEA, José Miguel Insulza, kalifye lwa sa a kòm yon "kesyon ki bay tout sitwayen nan Amerik yo kè sote, kòmanse sou sitwayen ameriken yo.

XS
SM
MD
LG