Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Ameriken an ap Kontinye Yon Toune sou Kontinan Ewopeyen an


Sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton
Sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton

Sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton, prale ann Espay vandredi premye jiyè 2011 la nan kad yon virewon diplomatik sou kontinan ewopeyen an.

Objektif la se ankouraje libète ekspresyon ak lib sikilasyon enfòmasyon. Pandan vizit sa a k ap dire 2 jou, chèf diplomasi amerikèn nan gen pou l rankontre avèk Premye Minis espayòl la, Jose Luis Zapatero, pou yo abòde plizyè kesyon, tankou dosye Afghanistan an, komès ak ekonomi.

Jedi 30 jen an, pandan madan Clinton te nan kapital Lityani, Vilnius, li te pran lapawòl devan yon gwoup moun k ap apiye prensip demokratik pou l di chak fwa pwogrè fèt nan teknoloji enfòmasyon an, gen fòs k ap chache sèvi ak zouti sa a pou yo fè pwopagann e komèt zak represyon.

Lityani se 2èm etap toune chèf diplomasi Lèzetazini an ap fè sou kontinan ewopeyen an; anvan sa li te vizite peyi La Ongri.

XS
SM
MD
LG