Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Ameriken Mike Pompeo Felisite Pèp Ayisyen an Kap Fete 216 Zan Endepandans


Sekrete Deta ameriken an Mike Pompeo. Foto: 19 desanm 2019. REUTERS/Erin Scott/File Photo
Sekrete Deta ameriken an Mike Pompeo. Foto: 19 desanm 2019. REUTERS/Erin Scott/File Photo

Nan yon mesaj ke Anbasad Etazini ann Ayiti pataje sou kont Twitter, Sekretè Deta Michael R Pompeo nan Okazyon jou Endepandans Dayiti
nan non pèp ameriken an felisite pèp ayisyen an nan okazyon 216yèm anivèsè endepandans li.

Nòt la kontinye pou l di:

"Istwa fondasyon Ayiti a - depi nan rebelyon esklav yo pou rive nan kreyasyon yon repiblik ki baze sou prensip demokratik - temwaye sa ki ka akonpli lè moun yo detèmine pou yo travay ansanm pou pi gwo byen. Jou endepandans Ayiti a fè nou sonje ke grandè a nan men nou lè sitwayen yo ak lidè politik yo bay priyorite a kominote yo epi ak peyi yo.

Nou espere ke nouvèl ane sila a pral fè tout pati yo reyini nan yon dyalòg enklizif ki pral mete yon fren nan blokaj politik la epi ki pral pèmèt gen yon gouvènman ki pral travay pour rezoud bezwen ijan pèp ayisyen an. Relasyon ant Etazini ak Ayiti vin pi solid akòz aspirasyon nou gen ansanm ak koneksyon trè sere ki egziste ant pèp ameriken ak pèp ayisyen an.

Mwen swete pèp ayisyen an yon bon fèt endepandans ak yon nouvèl ane ki gen lapè, inite, ak pwogrè pou rezoud gwo pwoblèm nasyonal yo."

XS
SM
MD
LG