Accessibility links

Breaking News

12 Ansyen Ofisyèl Ameriken Denonse "Efò La Mezon Blanch kont Egzèsis Libetè Lapawòl"

Foto sa yo montre (anlè, de goch a dwat): Ansyen Direktè CIA Michael Hayden, ansyen Direktè FBI James Comey, ansyen Direktè Provizwa FBI Andrew McCabe, ak ansyen Konseye pou Sekirite Nasyonal Susan Rice. Anba (de goch adwat): Ansyen Vis Direktè FB Peter Strzok, ansyen avoka FBI Lisa Page, ansyen Vis Minis Lajiistis Sally Yates ak ansyen Direktè Administrasyon Ransèyman Nasyonal James Clapper. Mèkredi 15 out 2018 la, Prezidan Donald Trump reyalize yon menas li te fè lè l revoke privilèj ansyen Direktè CIA John Brennan genyen pou l jere enfòmasyon ak dokiman sekrè. Kòm rezon, Prezidan an di konstitisyon an ba li responsablite pou l pwoteje dokiman sekrè yo e l ap pase an revi dosye 9 lòt ansyen ofisyèl -pami yo gen 8 ki sou foto yo. (Foto AP/Dosye).

Ozetazini, 12 ansyen otorite wo-plase nan sèvis sekrè peyi a pibliye yon deklarasyon kote yo bay opinyon yo sou sa yo rele "deklarasyon maladwat e san presedan" La Mezon Blanch fè konsènan revokasyon privilèj yon ansyen direktè CIA, John Brennan, genyen pou l konnen e jere enfòmasyon sekrè gouvènman an. Yo denonse tou aksyon La Mezon Blanch pran sou dosye sa a.

Piblikasyon deklarasyon an se yon reyaksyon aprè Prezidan Donald Trump te pran desisyon, nan jounen mèkredi 15 out 2018 la, pou l revoke privilèj Misye Brennan te genyen pou l konsilte dokiman top sekrè gouvènman ameriken an. Nan deklarasyon 12 ansyen ofisyèl yo pibliye a, yo fè konnen:

Ansyen Direktè CIA, John Brennan.
Ansyen Direktè CIA, John Brennan.

<< Aksyon Prezidan an konsènan John Brennan ak menas li lanse pou l pran menm kalte aksyon an kont lòt ansyen ofisyèl, pa gen anyen ditou pou wè ak kesyon pou konnen kiyès ki ka jere enfòmasyon sekrè, ou kiyès ki pa dwe gen privilèj sa a; men sa reprezante pito yon tantativ pou mete baboukèt sou libète lapawòl... Nou pa t janm wè anvan sa otorite yo sèvi ak apwobasyon oubyen revokasyon kapasite yon anplwaye pou l jere enfòmasyon sekrè kòm yon zouti politik tankou nou wè sa fèt nan sitiyasyon ki devan nou an. An plis de sa, aksyon sa a se yon siyal klè yo voye bay ofisyèl pase yo ak ofisyèl prezan yo. >>

Sou menm dosye sa a, nouvèl yo fè konnen ansyen amiral ameriken William McRaven, ki te dirije operasyon ki te touye lidè teworis Ozama bin Laden nan, lanse yon defi bay Prezidan Trump pou l revoke pirvilèj li pou l jere enfòmasyon sekrè. Misye McRaven pibliye nan jounal The Washington Post yon lèt tou louvri li voye bay Prezidan Trump kote li di li t ap konsidere yon desizyon konsa kòm "yon onè". Amiral la deklare :

Adm. William McRaven, kòmandan, Kòmandan nan Kòmandman Operasyon Epesyal lame amerikèn. Li te dirije operasyon ki te debouche sou lanmò Ozama bin Laden nan.
Adm. William McRaven, kòmandan, Kòmandan nan Kòmandman Operasyon Epesyal lame amerikèn. Li te dirije operasyon ki te debouche sou lanmò Ozama bin Laden nan.

​<< Avèk aksyon w ap poze yo, ou fè nou santi nou wont devan pitit nou yo, ou imilye nou sou sèn mondyal la epi, sa ki pi mal toujou a, ou divize nou kòm yon nasyon. >>

Ansyen amiral Wiloam McRaven di li konsidere John Brennan kòm "youn nan nan fonksyonè piblik ki pi debyen li janm konnen nan vi li."

XS
SM
MD
LG