Accessibility links

Breaking News

Sekretè Jeneral ONU an Mande Lèzetazini Elimine Dekrè sou Imigrasyon li an

Mwenyekiti wa Kamati ya Upelelezi Adam Schiff wa California, kushoto, akizungumza wakati Mwakilishi  Devin Nunes, Mrepublikan-Calif., mjumbe wa ngazi ya juu wa kamati hiyo akisikiliza mahojiano yakiendelea katika Bunge la Marekani, Washington, Jumatano, Nov. 13, 2019

Nouvo Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Antonio Guterres, lanse yon apèl bay Prezidan Ameriken an, Donald Trump, pou l mande l revoke dekrè li pran pou l entèdi refijye ak sitwayen 7 peyi mizilman antre tanporèman Ozetazini.

Mesye Guterres deklare:

“Nan opinyon pa m, li parèt klè se pa konsa pou yo pwoteje Lèzetazini ni okenn lòt peyi. Menm kan gen yon bon jan posiblite pou teworis enfiltre refijye yo. Mwen pa kwè se yon mwayen efikas pou n fè sa. Mwen panse yo ta dwe elimine desizyon sa a pi bonè ke pi ta.”

Mesye Guterres se yon ansyen premye minis peyi Pòtugal e li te dirije Ajans l'ONU pou Refijye a soti nan lane 2005 pou rive 2015.

Nouvo Sekretè Jeneral Nasyon Zini an ki gen sèlman yon mwa nan pos sa a ap fè fas ak nouvèl ki fè kwè gen posiblite pou Washington koupe yon gwo moso nan finansman lap bay òganizasyon entènasyonal la.

Nouvèl yo fè konnen tou, Lèzetazini dispoze wete kòl nan akò entènasyonal sou Chanjman Climatik yo.

XS
SM
MD
LG