Ozetazini 2 diplomat fè depozisyon yo an piblik, mèkredi 13 novanm 2019 la, devan Komisyon Sèvis Sekrè Chanm Bas Kongrè a k ap mennen ankèt sou Prezidan Donald Trump pou konnen si li te vyole konstitisyon an pou enterè politik pèsonèl li. Temwen yo se 2 ofisyèl Depatman Deta a: William Taylor, aktyèl anbasadè nan peyi Ikrèn, ak George Kent, ki sipèvize afè ki gen rapò avèk Ikrèn.
2 diplomat yo deklare Misye Trump te mete sou pye “yon kanal ki pa regilye” pou kontak avèk peyi Ikrèn e nan tèt ekip ki t ap jere kanal sa a te genyen avoka pèsonèl prezidan an, Rudy Giuliani. Objektif la sete pouse otorite yo nan Kyèv pou yo ouvè yon seri de ankèt ki t ap ranfòse chans Misye Trump nan pwochen eleksyon prezidansyèl la.
Temwen yo fè konnen yo te fin pa konprann ke Misye Giuliani, yon ansyen majistra vil New York, t ap travay pou Prezidan Trump andeyò limit nòmal aktivite Depatman Deta a e li t ap aji yon fason ki pa t kadre avèk tretman nòmal relasyon ant Lèzetazini ak Ikrèn. Daprè Misye Taylor ak Misye Kent, Rudy Giuliani t ap pouse gouvènman ikrenyen an pou l ouvè yon ankèt sou youn nan prensipal rival Prezidan Trump nan eleksyon prezidansyèl 2020 an, ansyen Vis Prezidan Joe Biden, e sou travay yon pitit-gason misye Biden, Hunter Biden, te fè pou yon konpayi gaz natirèl ikrenyen, Burisma.
Prezidan Trump te mande Ikrèn ouvè ankèt yo nan yon moman kote administrasyon l nan te bloke dekesman 391 milyon dola èd militè otorite yo nan Kyèv te bezwen pou lagè yo t ap mennen kont separatis pwo-Larisi yo nan pati lès Ikrèn. Bill Taylor di komisyon an “plis sitwayen ikrenyen byen kapab mouri san asistans ameriken an.” Nan mitan ankèt komisyon an ap mennen an genyen yon konvèsasyon 30 mimit ki te dewoule, nan dat 25 jiyè 2019 la, ant Prezidan Trump avèk Prezidan Volodymyr Zelanskiy ki te fèk eli nan Ikrèn; nan konvèsasyon sa a Misye Trump te mande Misye Zelanskiy “yon sèvis”; e sèvis sa a sete pou lidè ikrenyen an ouvè yon ankèt sou 2 Biden yo.