Accessibility links

Breaking News

"Jounalis Sawoudyen H. Khashoggi Mouri nan Konsila Sawoudyen an nan Istanboul," daprè Washington Post


Moun ki kenbe postè devan anbasad Arabi Sawoudit la nan Washington pandan yon pwotestasyon kont disparisyon jounalis Jamal Khashoggi. (Foto: 10 oktòb 2018, nan Washington).
Moun ki kenbe postè devan anbasad Arabi Sawoudit la nan Washington pandan yon pwotestasyon kont disparisyon jounalis Jamal Khashoggi. (Foto: 10 oktòb 2018, nan Washington).

Daprè nouvèl ki parèt byen ta jedi 11 oktòb la nan jounal Washington Post, otorite Peyi Tiki yo voye bay gouvènman ameriken an enfòmasyon ki di Annkara gen anrejistreman audio ak video ki montre yo te touye jounalis Jamal Khashoggi anndan konsila sawoudyen an nan Istanboul. Anrejistreman yo montre yo te mete men sou jounalis la nan dat 2 oktòb 2018 la aprè li te antre nan konsila a; yo te fèmen li nan yon prizon, yo te kraze zo li, ansuit yo te touye li epi yo demanbre kò a, daprè sa otorite ameriken ak tik di jounal Washington Post.

Sou menm dosye a, Prezidan Donald Trump fè konnen li gen gwo preokipasyon pou sa ki kapab rive jounalis sawoudyen Jamal Khasroggi ki te disparèt semèn pase a pandan li t ap viite konsila Arabi Sawoudit la nan Istanboul, peyi Tiki.

Sepandan prezidan an di l ap ezite pou l mete fen nan yon lavant zam ak Arabi Sawoudit; pou tranzaksyon sa a Arabi Sawoudit ap peye Lèzetazini 110 milya dola.

Journalis sawoudyen Jamal Khashoggi pandan li t ap asiste Fowòm Ekonomik Mondyal la nan Davos, Laswis, le 29 janvye 2011. (Foto Achiv).
Journalis sawoudyen Jamal Khashoggi pandan li t ap asiste Fowòm Ekonomik Mondyal la nan Davos, Laswis, le 29 janvye 2011. (Foto Achiv).

Jounalis Khasroggi te gen rezidans Ozetazini e li konn ekri pou jounal Washington Post. Nan yon entèvyou lidè ameriken an bay chèn televizyon Fox News jedi 11 oktòb la, prezantatè a te mande li èske otorite Etazini yo pa t dwe mete jounalis la o-kouran enfòmasyon sekrè ki te fè yo konnen misye t ap an danje si l te ale nan rejyon an. Prezidan Trump deklare:

"Ebyen, se pa nan peyi nou sa rive; se nan Tiki. E, dapre sa m konprann, misye pa yon sitwayen ameriken. Sepandan yon bagay konsa pa t dwe rive. Se yon jounalis Washington Post e, jan m di l la, yon bagay konsa pa t dwe rive menm-menm. Nou gen entansyon fouye jiskaske nou va konnen egzatteman kisa k rive."

Bò kote pa l, pòtpawòl Depatman Deta a, Heather Nauert, fè konnen Washington ap tann pou gouvènman Arabi Sawouiit la mete devan n prèv ki jistifye pozisyon li pran sou sa k pase a. Madam Nauert di:

"Nou pran kontak ak anbasadè sawoudyen an Ozetazini. Daprè sa m konprann, anbasadè a sou wout pou l ale fè yon vizit konsiltasyon nan peyi li. Nou pale klè avèk li pou n di l n ap bezwen enfòmasyon nan men l lè l va retounen Washington."

Nan entèvyou Prezidan Trump bay Fox-News la, li ajoute pou fini :

"Lèzetazini gen anketè sou plas nan peyi Tiki e Washington ap travay ansanm avèk gouvènman tik la, ansanm avèk gouvènman sawoudyen an sou kesyon an."

XS
SM
MD
LG