Reprezantan gouvènman venezuelyen an ak kowalisyon opozisyon an retounen sou tab negosyasyon an vandredi 15 desanm 2017 la nan Repiblik Dominikèn kote 2 pati yo ap eseye rezoud kriz politik ak ekonomik ki egziste depi kèk tan nan peyi sid-ameriken an.
Kowalisyon opozisyon an mande eleksyon lib e transparan, liberasyon prizonye politik yo, retablisman pouvwa asanble nasyonal la, leve mezi ki entèdi prensipal lidè opozisyon an patisipe nan eleksyon prezidansyèl ki fikse pou ane 2018 la epi ouvèti yon koulwa imanitè pou livrezon manje, medikaman, ak lòt pwodui premyè nesesite pou popilasyon an.
Delegasyon ki reprezante gouvènman Nicolas Maduro a, bò kote pa l, mande leve tout sanksyon entènasyonal tankou blokaj ekonomik Lèzetazini ak Unyon Ewòp la enpoze sou peyi a. Washington avèk Inyon an la te enpoze sanksyon sa yo pou fòse Prezidan Nicolas Maduro retabli sistèm demokratik la nan Venezuela