Accessibility links

Breaking News

Legliz Katolik ap Onore Monseyè Sansaricq pou yon Sasèdòs ki Dire Plis Pase 60 Ane


Monseyè Guy Sansaricq, ki pase 60 tan o-sèvis Legliz Katolik.
Monseyè Guy Sansaricq, ki pase 60 tan o-sèvis Legliz Katolik.

Nan sware samdi 5 oktòb 2019 la, Legliz katolik ap onore Monseyè Guy Sansaricq nan okazyon 85èm anivèsè nesans li e pou rekonèt travay li reyalize pandan yon sasèdos ki dire prèske 60 tan. Nan okazyon an, yon seremoni pral dewoule nan vil New York, kote fidèl k ap sòti nan divès pawas pral reyini pou yo montre apresyasyon yo pou sèvis Monseyè Sansaricq rann Legliz pandan 6 dizèn dane.

Nan menm seremoni kote Legliz Katolik pral rann omaj pou Monseyè Sansaricq la, l ap onore tou 2 lòt pèsonalite: se Pè Gustave Miracle ke Legliz deziye "Le Prêtre de l'Année" ou "Pè Ane a"... L ap milite nan zòn metwopoliten Boston an, nan Eta Massachusetts kote li te dirije Pawas Kriswa pandan preske yon lane anvan transfè li nan Pawas Cambridge/Sommerville kote li pote yon veritab revèy depi li kòmanse misyon li laba a nan mitan ane a. Lòt pèsonalite a se "Soeur Elza Valery" ki pase plizyè dizèn dane ap pote fidèlman kontribisyon li nan avansman misyon Legliz Katolik.

Pandan karyè Guy Sansaricq kòm lidè relijye, li te dirije divès pawas nan peyi natal li, Ayiti, e nan peyi etranje tankou Bahamas kote li te pase 7 ane; pa egzanp, aktyèl evèk Nassau a sete youn nan anfannkè li e anvan lontan li pral voye ba li anviwon 5 mil dola nan kad kontribisyon li pou ede konpatriyòt ayisyen ki te viktim pandan pasaj Siklòn Dorian sou zile yo sa pa gen lontan.

Prensipal konsène nan serekoni samdi 5 oktòb la, Monseyè Sansaricq, di Lavwadlamerik plis sou sware sa a e sou karyè li kòm lidè relijye nan yon entèvyou avèk Lyonel Desmarattes.

please wait

No media source currently available

0:00 0:07:30 0:00

Klike sou lyen anlè a pou w suiv entèvyou Lyonèl avèk Mgr. Sansaricq.

XS
SM
MD
LG