Accessibility links

Breaking News

Sanble Kolonèl Mohammar Kadhafi Twouve l nan Peyi Libi Toujou


Sanble Kolonèl Mohammar Kadhafi Twouve l nan Peyi Libi Toujou
Sanble Kolonèl Mohammar Kadhafi Twouve l nan Peyi Libi Toujou

Yon chèn televizyon nan peyi Siri pase yon mesaj lidè dechouke libyen an, Mohammar Kadhafi, ta swadizan anrejistre, kote li demanti nouvèl ki fè konnen li pati kite Libi nan yon konvwa machin ki ale nan peyi Nijèr.

Nan deklarasyon anrejistre a ki pase jedi 8 septanm 2011 la sou antèn chèn televizyon Al-Rai, Misye Kadhafi di nouvèl sa a se yon gwo manti e entansyon moun k ap fè sikile enfòmasyon konsa se kraze moral patizan n yo.

Li ensiste pou l di li toujou twouve l sou tèritwa libyen an e patizan n yo pral ranpòte lavikwta sou l’OTAN: « Patizan m yo pare pou yo goumen ak fòs k ap defann Konsèy Nasyonal Tranzisyon an nan Tripoli, » daprè sa k di nan anresjitreman an.

XS
SM
MD
LG