Accessibility links

Breaking News

Senatè Jocelerme Privert Presize Pozisyon n sou Chwa Bernard Gousse pou Pòs Premye Minis la

Senatè Jocelerme Privert, youn nan 16 senatè ki siyen yon petisyon pou di y ap vote kont ratifikasyon premye minis-deziye Bernard Gousse, eksplike pou ki rezon li pran pozisyon sila a.

Nan yon entèvyou avèk chèf Sèvis Kreyol Lavwadlamerik la, Ronald Cesar, Senatè Privert di, si li gen rezon pèsonèl pou l vote kont nominasyon misye Gousse la, gwoup palmantè ki pran menm pozisyon avè li yo baze desizyon yo sou prensip, lwa ak konstitisyon peyi a.

This item is part of
XS
SM
MD
LG