Accessibility links

Breaking News

Lavni Ensèten Toujou pou Anpil nan Manm Karavàn Amerik Santral la ki sou Fwontyè Amerikano-Meksiken an

Manm karavàn imigran ki sòti nan Amerik Santral la ap tann pou yo travèse fwontyè amerikano-meksiken an kote yo espere otorite Sèvis Fwontyè ak Ladwann Lèzetazini va kite yo aplike pou azil. (Tijuana, Meksik, 29 avril 2018. Foto: REUTERS/Edgard Garrido).

Apre plis pase yon mwa vwayaj a-pye, nan otobis ak nan tren, Karavàn Amerik Santral la (150 moun e pik) bloke nan yon pò-dantre nan Tijuana sou fwontyè amerikano-meksiken an kote anpil nan yo espere resevwa azil politik, sa vle di pwoteksyon kont depòtasyon Lèzetazini bay imigran ki gen bon jan rezon pou yo pè pèsekisyon si yo retounen nan peyi yo.

Yon fwa migran yo te rive sou fwontyè a, ajan imigrasyon ameriken di lokal yo genyen nan zòn nan, ki nòmalman ka kenbe 300 moun an gwo, deja fin ranpli. Byen ta lendi 30 avril la, yon premye gwoup 8 moun te jwenn pèmisyon pou yo antre sou tèritwa ameriken an pou yo ranpli fòmalite nòmal yo.

Nicole Ramòn se yon avoka òganizasyon charitab "Al Otro Lado" (ou "Pa Lòt Bò Fwontyè a") e youn nan militan k ap mande Sèvis Ladwann ak Pwoteksyon Fwontyè ameriken an bay migran yo plis tan pou yo konfòme yo. Mm. Ramòn di:

"Otorite yo te byen konnen karavàn nan te sou wout; alòs si gen pwoblèm preparasyon, se pa fòt refijye yo."

Manm karavàn nan ki t ap dòmi tou prè pasaj fwontalye San Ysidro aprè yon ti gwoup nan yo (8 moun) te jwenn pèmisyon pou yo antre Ozetazini, nan pò-dantre San Ysidro kote yo espere mande azil (Tijuana, Meksik, 30 avril 2018).

Avoka Ramòn ajoute: "Kijan w konprann ke gouvènman Lèzetazini an, peyi ki pi puisans nan lemond la e youn nan pi rich yo, pa gen kapasite pou l jere dosye 200 refijye?"

Pandan anpil migran t ap tann otorite imigrasyon yo travay sou dosye yo, ou te ka santi yon melanj espwa ak kè-sote nan lè a.

XS
SM
MD
LG