Accessibility links

Breaking News

Plizyè Milye Sitwayen nan Larisi Pran Lari pou Pwoteste Kont Nouvo Lwa sou Pansyon Pey a


Manifestasyon nan Larisi
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:32 0:00

Manifestasyon nan Larisi

Plizyè moun nan Larisi manifeste yè dimanch-la kont refòm ansyon ke gouvènman-an apiye, pandan pifò kandida ke Kremlen-an apiye pou pòs majistra kominal Moskou a ki gen anpil pouvwa, ak yon majorite plas gouvènè rejyon sanble te sou wout pou yo ranpòte yon viktwa fasil nan eleksyon pasi pala nan peyi a.

Kamera televizyon te filme Prezidan LaRusi-a Vladimir Putin ki t-ap vote, ak majistra aktyèl la Sergey Sodyanin ki tap fè menm jan an.

Lidè opozisyon yo fè konnen eleksyon an te plis yon afè “renominasyon” puiske kandida ki konn kritite Kremlen-an pa sou bilten vòt-yo.

Pandan lidè opozisyon Alexey Navalny t-ap fè ajitasyon, plizyè milye manifestan te pran lari e anpil nan yo pou pwoteste yon pwopozisyon pou ogmante laj pou ris yo pran pansyon. Lapolis fè plizyè santèn arestasyon, kote yo te sèvi ak gaz lakrimojèn pou kwape foul yo.

Yon manifestan te deklare ke pwopozisyon pansyon-an se sèlman youn nan kesyon yo.

“Politik Putin nan fè m fache. Ou ka ogmante laj pansyon jiska 100 tan, men lajan sa a pap ase pou gouvènman sa-a paske li pa fè travay li e li kòwonpi. Mwen vle mond la konnen peyi m nan pou divès bagay, pa pou anpwazònman oubyen lòt bagay, men pou bagay pozitif. »

Kèk sondaj endepandan jwenn ke 90 pousan moun nan LaRusi kont refòm pansyon yo.

Nan yon siy ke Kremlen-an pran mekontantman-an oserye, gouvènman-an fè presyon sou aktivite opozisyon-an sou YouTube. Yon sèvis video ki baze ozetazini te bloke video reklam ke Msye Navalny te peye pou sipòte pwotestasyon-an, e sanble se paske konpayi an dakò ke video yo vyole lwa Larisi ki vle gen yon “Jounen silans” 24 è anvan yon vòt.

XS
SM
MD
LG