Accessibility links

Breaking News

Senatè Ronald Larèche Mande Pouvwa a ak Gwoup Opozisyon an Pran Pozisyon Fèm Kont Bandi Ame yo


Senatè Ronald Lareche, ansyen prezidan Gran Kò a nan Ayiti
Senatè Ronald Lareche, ansyen prezidan Gran Kò a nan Ayiti

Ansyen prezidan Sena a Ronald Larèche kondane zak vyolans kap fèt nan tout peyi a dènye jou yo sa yo. Li rmande pouvwa an plas la ak tout opozisyon politik la pou pran pozisyon fèm kont gwoup ame kap simen laterè e dèy nan mitan popilasyon an.

Mesye Larèche di li ankouraje egzekitif la ak klas politik la pran chemen dyalòg kòm meyè fason pou rive rezoud kriz la. Yon lòt kote, Senatè Ronald Larche di li denonse ensidan ki te rive nan Malpas samdi 25 novanm 2018 pase a kote popilasyon an an kòlè boule tou vivan 4 ofisye ladwan ki yo menm ta tire yon nonm ki tap eseye travèse ak machandiz san otorizasyon. Li konsidere pratik boule moun nan dezagreyab e inimen.

Sepandan, li mete aksan sou gravite move koutim ajan dwanye yo vizavi ti komèsan tandiske atitid yo diferan konpare ak gwo enpòtatè yo.

XS
SM
MD
LG