Accessibility links

Breaking News

Reyinyon Inisyativ Mondyal Clinton Nan Ap kontinye Nan Nouyòk


Ansyen Prezidan ameriken Bill Clinton lanse rankont anyèl ki rele Inisyativ Mondyal Clinton nan (C.G.I) . Gwo reyinyon sa a reuni 67 chèf deta ou ansyen chèf deta, plis pase 600 lidè nan sektè dafè ak ekonomis , plis pase 500 responsab ONG ak òganizasyon filantwopik k ap chèche amelyore kondisyon lavi nan lemond. Nan okazyon ouvèti rankont la madi 21 septanm 2010 la ,mesye Clinton di efò patisipan yo pou kont yo pa ase.

Li di: "Sa ki klè a sè ke, malgre mwen panse nou gen anpil talan sa pap ase pouse sèlman gwoup moun ki reyini nan sal ki fè efò pou fè travay la avanse. Nou bezwen jwenn yon jan tou pou plis moun mete ansanm avèk nou e pran desizyon pou yo ede n fè travay la lè nou retounen lakay nou."

Mesye Clinton ajoute CGI a pral apiye sitwayen òdinè tou-pa-tou pou diskite sou pwoblèm mondyal yo kit se abi sou medam yo, ki se trafik kretyen vivan, polisyon oseyan yo, oubyen jèn ki nan chomaj e latriye. Robert McDonald, youn nan patisipan nan rankont anyèl Inisiyativ Mondyal Clinton nan, se responsab yon konpayi ki fabrike pwodui detèjan ki ka pirifye dlo.

Li pale pou l di: "Nou gen pwogram sa a pou 6 zan; nou prepare dlo ki bon pou timoun bwè avèk sachè ki ka pirifye yon lit dlo."

Rankont Inisyativ Mondyal Clinton nan (C.G.I) ap kontinye mèkredi 22 septanm 2010 la e l ap fini jedi 23 septanm 2010 la a.

Sou dènye jou reyinyon an, ansyen Prezidan Bill Clinton gen pou l fè yon rankont sou Ayiti avèk Prezidan René Préval ak Premye-Minis Jean Max Bellerive.

XS
SM
MD
LG