Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Reyinyon Ansyen Manm FAD’H nan Gonayiv


Ansyen manm FAD’H (Fòs Zame Dayiti) ki sòti tou patou sou tout teritwa anyonal la, òganize yon rankont nan Gonayiv pou yo ankouraje Prezidan Michel Martely retabli lame a.

Reyinyon sa a dewoule nan moman yon klima ensekirite rekòmanse blayi sou peyi a kote anpil sektè panse yon fòs zame gen wòl li pou l jwe, a kote PNH (Polis Nasyonal Dayiti), pou konbat fenomèn sa a.

Nouvèl yo fè konnen Prezidan Martelly dakò ak lide pou Leta retounen ak lame, e sanble yon gwo sektè nan vi nasyonal la pataje opinyon sa a.

Korespondan nou Alfred Jean di nou plis sou reyinyon Gonayiv la.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj Alfred Jean.

XS
SM
MD
LG