Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Sou Eleksyon 2010 Yo Ann Ayiti Kontinye


Popilasyon k ap viv nan kan yo mande gouvènman an konstwi lòjman definitif nan moman pwopriyetè teren kote y ap viv la menase pou mete yo deyò.

Yon reprezantan dwa zimen nan rejyon Latibonit apresye inisyativ Prezidan Préval pran pou l rankontre a chak kandida a la prezidans yo.

Nan Jeremi, otorite yo fè fèmen 2 lekòl primè lakoz fisi ki ta gen nan mi lekòl yo aprè tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Ann atandan, y ap fè klass pou elèv yo anba tant yo. Yon reprezantan edikasyon nan Jeremi, Vincent Jean, pat ka di kilè sitiyasyon ap amelyore pou timoun yo.

Nan Plato Santral, kèk lidè relijye mande pèp ayisyen an pou l kenbe atansyon l sou rekonstriksyon peyi a. Yo mande pou pèp la gade sa gouvènman an pral fè ak 5 milya dola kominote entènasyonal la pwomèt Ayiti. Prèt Episkopal, Jean-Joseph Jeannot pale pou l di ke kòb sa ta sipoze ede devlope peyi a nan plizyè fason.

Korespondan nou yo atravè Ayiti devlope nouvèl sa yo pou nou.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 6 septanm 2010 la.

XS
SM
MD
LG