Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Kandida Michel Martelly Aprè Piblikasyon Rezilta Eleksyon yo ann Ayiti


Kandida a laprezidans Michel Martelly (foto achiv)
Kandida a laprezidans Michel Martelly (foto achiv)

Kèk èd tan apre Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayisyen-an (KEP a) te pibliye rezilta final premye tou eleksyon jeneral 28 novanm 2010 yo, kandida a la prezidans ki vini an 2èm pozisyon nan kous la, Michel Martelly, bay yon konferans pou laprès kote li li remèsye pèp ayisyen an pou vòt li ki pèmèt li prale nan 2èm tou eleksyon an.

Misye Martelly fè konnen viktwa sa a se pa yon kado; se rezilta travay pati Repons Peyizan te fè sou teren an. Li remèsye kominote entènasyonal la ki te akonpayi pe Dayiti nan pwosesis la e li pwomèt chanjman ki va pote yon vi miyò pou pèp la.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande deklarasyon kandida a la prezidans la, Michel Martelly, nan yon konferans pou la près libay jedi 3 fevriye a nan Pòtoprens.

XS
SM
MD
LG