Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Etazini Sou Sitiyasyon an nan Libi


Prezidan ameriken an Barack Obama
Prezidan ameriken an Barack Obama

Isit Ozetazini, prezidan Barack Obama fè konnen administrasyon n nan ap anvizae tout yon seri posiblite –pami yo genyen opsyon militè a--- pou fè fas ak sa li konsidere kòm "vyolans innakseptab patizan prezidan Kadhafi yo ap komèt nan Libi.”

Pandan misye Obama t ap abòde dosye a lendi 7 mas 2011 la nan La Mezon Blanch, li te pwofite lanse yon avètisman bay sila yo k ap kontinye apiye yon lidè libyen kap fè fas ak gwo difikilte.

Byen ta nan jounen lendi a, pòtpawòl La Mezon Blanch, Jay Carmey, te fè konnen pami opsyon ki an konsiderasyon yo, genyen etablisman sou tèritwa libyen an yon zòn kote avyon peyi a pap ka vole, epi aplikasyon yon anbago zam ke l’ONU adopte kont Libi.

Se konsa tou, gen posiblite pou Lèzetazini ak alye li yo mete zam a la dispozisyon rebèl yo –menm si se yon posiblite ki pap reyalize rapidman.

XS
SM
MD
LG