Accessibility links

Breaking News

Revirman Politik: PLAPH Prale Nan Eleksyon 28 Novanm Nan


Sipriz sou sèn politik la nan peyi Dayiti: ansyen Kolonèl Himmler Rébu ki nan tèt Platfòm Patriyòt Ayisyen (PLAPH) konfime pou sèvis kreyòl Lavwadlamerik la nouvèl ki fè konnen PLAPH deside ale nan eleksyon 28 novenm yo nan tout nivo, alòske platfòm nan pase lontan pap kritike Konsèy Elektoral Pwovizwa a; se te youn nan regroupman politik ki te di y ap boykote vòt la.

Mesye Rébu di li pi bon pou ou "anndan ke ou andeyò pwosesis la," pou anpeche egzèsis elektoral la tonbe anba men moun ki pap mennen peyi a nan bon direksyon. Daprè li, anpil kandida pou palman an ak pou plas majistra ki nan PLAPH te deja deside ale nan leksyon an; kidonk li pi bon pou dirijan PLAPH yo apiye yo nan demach sa a.

Kòm reyaksyon gwo devlopman sa a sou sèn politik la, youn nan lidè kowalisyon Altènativ, Evans Paul, fè konnen opozisyon an se pa yon òganizasyon; li fòme avèk divès pati ak mouvman politik e lidè yo gen libète pou yon pran desizyon yo vle.

Sepandan, daprè mesye Paul, nan politik, chak aksyon gen konsekans yo.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute entèvyou sa yo.

XS
SM
MD
LG