Accessibility links

Breaking News

Gwoup Defans Dwa Sivik yo Denonse Fason Prezidan Trump Vle pou Resansman Popilasyon an Dewoule


Yon anvlòp ki gen ladan l dokiman k ap pèmèt yon moun patisipe nan resansman popilasyon amerikèn nan, edisyon 2020. (Foto Achiv)
Yon anvlòp ki gen ladan l dokiman k ap pèmèt yon moun patisipe nan resansman popilasyon amerikèn nan, edisyon 2020. (Foto Achiv)

“Pwopozisyon prezidan ameriken an, Donald Trump, fè pou l oblije responsab yo wete non imigran illegal sou rejis resansman k ap dewoule pou konte popilasyon amerikèn nan, -rejis resansman ki dwe sèvi pou deside konbyen manm ki pral fòme Chanm Bas Kongrè a, pi presizeman konbyen depite chak eta pral voye nan Kongre a- pwopozisyon sa a pa p mache epi li enkonstitisyonel.”

Se konklizyon kèk gwoup k ap defann dwa sivik Ozetazini avèk otorite lokal e rejyonal nan anpil vil ak eta ameriken ki pote plent nan tribinal kont Administrasyon Trump la. Se konsa Avoka Sarah Brannon, ki t ap pale avèk Lavwadlamerik, deklare:

“Yon bagay konsa pa ka fèt. Metòd Prezidan Trump pwopoze pou responsab reswansman yo detèmine sitwayennte yon moun, se yon metod k ap difisil pou mete an pratik; epi dayè li pa p tèlman fyab, li pa p tèlman merite konfyans.”

Madam Brannon se avoka an chèf Pwojè Defans Dwa de Vòt Sitwayen yo nan Sendika pou Libète Sivil Ameriken yo (ACLU), youn nan sendika defans dwamoun ki pi puisan nan peyi a.

Kòm rapèl, n ap di nan yon dekrè Prezidan Trump te siyen semèn pase a, li te pase Minis Komès la, Wilbur Ross -ki sou tèt Biwo Resansman Nasyonal Eazini an- lòd pou l tabli kèk done statistik ki fè konnen konbyen moun k ap viv ilegalman nan peyi a epi, apre sa, pou gouvènman federal la wete non moun sa yo nan rezilta final resansman an pou chak eta. Apre yo ta fin fè soustraksyon sa a nan rezilta jeneral resansman an, otorite yo ta p konnen si yon eta dwe pèdi, konsève oubyen ogmante kantite depite k ap reprezante l nan Kongrè a.

Pwosesis yo rele “resansman an” se yon manda konstitisyonèl --yon obligasyon legal-- egzije otorite ameriken yo konte popilasyon Lèzetazini an chak 10 zan.

XS
SM
MD
LG