Accessibility links

Breaking News

Tribinal Ameriken Pa Apwouve Kesyon sou Nasyonalite nan Pwochen Resansman an.


Etazini: Resansman 2020.
Etazini: Resansman 2020.

Ozetazini, yon seri de tribinal federal ak tribinal kèk Eta, ki te defye desizyon Administrasyon Trump la vle pran pou l mete yon kesyon sou nasyonalite nan fòm moun dwe ranpli pou resansman 2020 an, reklame plis limyè sou kesyon an apre Depatman Jistis ak Depatman Komès chanje lide sanzatann e yo aksepte fè enprime fòm yo san kesyon an pa ladan n.

Bò kote pa li, Kou Siprèm nan (pi gwo otorite lajistis nan peyi a), te deja pran yon desizyon ki di rezon gouvènman an bay pou l fè kesyon an antre nan fòm nan pa satisfè egzijans règleman ki mande plis eksplikasyon sou rezon ki ka eksplike kesyon ajan ki prale de kay an kay yo ta dwe prezante pou jistifye yon kesyon konsa pandan resansman an ki fè chak 10 zan.

Imigran ki t ap manifeste devan Kou Siprèm nan pandan gran jij yo t ap fè deba sou plan Prezidan Trump genyen pou l mete kesyon nasyonalite nan fòm sou resansman an. (Washington, 23 avril 2019)..
Imigran ki t ap manifeste devan Kou Siprèm nan pandan gran jij yo t ap fè deba sou plan Prezidan Trump genyen pou l mete kesyon nasyonalite nan fòm sou resansman an. (Washington, 23 avril 2019)..

Pwoblèm nan te sanble rezoud madi 2 jiyè 2019 la lè Depatman Jistis ak Depatman Komès te fè parèt kèk deklarasyon ak kòmantè piblik ki konsènan kèk pwosè kote yo te di enpresyon fòm yo kapab kòmanse san kesyon sou sitwayènte a yon fason pou yo ka respekte dat-limit ki nesesè pou yo fin konte popilasyon an.

Sepandan nan yon seri de twit Prezidan Donald Trump pibliye, li lage dout sou pwosesis la lè l fè konnen : «N ap avanse pou pi devan pandan nou reyini la a; paske repons kesyon sa a gen gwo enpòtans… N ap travay di sou sa menm pandan jounen 4 Jiyè a.»

XS
SM
MD
LG