Accessibility links

Breaking News

Repiblik Dominikèn: Otorite yo Jwenn Kadav 20 Moun ki t ap Eseye Rantre Ozetazini Ilegalman


Otorite yo di ekip sekou yo te jwen omwen 20 kadav mèkredi 8 fevriye a tou prè kòt Sabana de la Mar
Otorite yo di ekip sekou yo te jwen omwen 20 kadav mèkredi 8 fevriye a tou prè kòt Sabana de la Mar

Omwen 40 moun mouri aprè yon batiman ki te chaje kou legba avèk imigran koule nan lanmè sou kòt nòdès Repiblik Dominikèn semèn pase a.

Otorite yo di ekip sekou yo te jwen omwen 20 kadav mèkredi 8 fevriye a tou prè kòt Sabana de la Mar.

Batiman sa a ki te twò chaje koule samdi pase pandan li t ap fè yon vwayaj Pòto Riko ki se teritwa Etazini.

Sekouris yo te sove omwen yon douzèn pasajè nan dezas la ke otorite yo kalifye kòm pi move ensidan maritim ki rive nan nasyon Karayibeyen an.

Imigran dominiken toujou gen abitid monte abò ti batiman chaje kon legba e yo navige ilegalman pou yo ale Pòto Riko pou yo chape anba move enpass ekonomik nan peyi yo.

XS
SM
MD
LG