Accessibility links

Breaking News

Rémy Mathieu, Premye Direktè Jeneral Radyo Nasyonal Dayiti Mouri nan Pòtoprens, Li te Gen 71 an


Ann Ayiti, ansyen direktè jeneral Radyo Nasyonal Dayiti e ansyen gran komi de leta, Rémy Mathieu, mouri nan Pòtoprens dimanch 20 fevriye 2011 la, vè 10 zè di maten.Li te gen 71 an.

Rémy Mathieu te okipe plizyè pòs nan fonksyon piblik la sou divès gouvènman apre pasaj li nan Radyo Nasyonal : Sekretè deta a laprezidans sou Jean-Claude Duvalier, minis Fonksyon Piblik ak Planifikasyon sou Prosper Avril, konseye prezidansyèl sou Administrasyon Joseph C. Nerette, elatriye.

Li se direktè Fondatè Enstiti Siperyè dè Kad Politik e Administratif ki te prepare anpil nan òm politik k ap milite sou teren an ak fonksyonè ki nan administrasyon piblik ayisyèn nan jounen jodiya.

Yon zanmi, kòlèg e kolaboratè Rémy Mathieu, Doktè Rony Gilot, prezante defen an sou plan prive ak piblik.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande deklarasyon Doktè Rony Gilot.

XS
SM
MD
LG