Endistri teyat ameriken an chwazi 2 pwodiksyon atistik (yon komedi mizikal konsènan relijyon Mòmon an, ak yon pyèsteyat ki mete an sèn yon ti gason ak yon cheval), pou l remèt pi gwo pri li yo nan yon seremoni ki dewoule dimanch swa e ki pase sou chèn televizyon CBS.
Se remiz pri ki rele US Tony Awards. Komedi Mizikal la (ki rele an anglè The Book of Mormons oubyen Liv Mòmon yo) pale de yon gwoup misyonè ameriken k ap travay sou kontinan afriken an. Li te resevwa 14 nominasyon e li ranpòte pri pou 9 kategori -- pami yo genyen “pri kòm meyè komedi mizikal la” ak “pri pou pi bon pwodiksyon” ki fèt nan kategori sa a.
Lòt gwo gayan an nan remiz pri Tony Awards yo, se “War Horse” (oubyen Cheval de Gè), ki baze sou yon liv pou ti moun ki pote menm non an. Li dekri efò yon ti bway te deplwaye pou l te jwenn yon cheval li te renmen anpil, aprè moun te vòlè zannimo a pou yo te vann li ak angle yo pandan Premyè Gè Mondyal la – e finalman ti gason an te rive rejwenn chwal la e retounen lakay li avèk li. Endistri Teyat ameriken an prezante Pri Tony Awards la chak ane depi 1947.