Nan Afganistan, Jeneral ameriken David Petraeus -ki pase yon lane kòm kòmandan fòs l’OTAN yo nan peyi a- remèt kòmandman fòs alyans entènasyonal la ofisyèlman bay siksesè li, John Allen, ki se yon lòt jeneral ameriken.
Transfè pouvwa a fèt lendi 18 jiyè 2011 la nan yon seremoni ki dewoule nan kapital Afganistan an, Kaboul. Pi resan pòs Jeneral Allen te okipe se asistan-chèf kòmandman santral fòs zame Lèzetazini yo.
Nan diskou Jeneral Allen fè nan seremoni an, li di li vle wè Afganistan genyen yon anviwonnman ki stab e ki gen sekirite, yon peyi kote pa gen ekstremism ni teworism k ap trakase l depi kèk tan deja.