Accessibility links

Breaking News

Kèk Peyi ap Relache Restriksyon sou Aktivite Komèsyal yo Tandiske Lòt ap Rapòte Plis Ka Kowonaviris


Travayè lasante ki t ap transpòte yon moun ki gen kowonaviris nan yon lopital nan vil New York, dimanch 3 me 2020 an.
Travayè lasante ki t ap transpòte yon moun ki gen kowonaviris nan yon lopital nan vil New York, dimanch 3 me 2020 an.

Nan moman plizyè milyon moun nann divès peyi ap pwofite de desizyon otorite yo ap pran pou yo relache lòd ki oblije sitwayen yo rete lakay yo pou yo te kapab bloke pwopagasyon maladi kowonaviris la, ebyen! pandan tout moun ap sezi okazyon an pou yo pwofite de rès sezon prenten an, lòt moun nan peyi ki pi pòv nan lemond yo fè konnen yo anrejistre yon ogmantasyon efreyan nan kantite nouvo ka maladi a nan jounen dimanch 3 me 2020 an. Pami peyi sa yo genyen Lend, sou kontinan azyatik la, ki anrejistre pi gwo kantite ka li pou yon sèl jou. Lend, ki se 2èm peyi ki pi peple nan lemond apre Lachin, rapòte plis pase 2 mil 600 nouvo ka enfeksyon pou jounen an.

Nan Larisi, nouvo ka yo monte depase 10 mil pou la premyè fwa, tandiske nan La Grann Bretay kantite total konfime moun ki mouri monte rive preske menm kantite ak Itali ki se episant maladi kowonaviris la sou kontinan ewpeyen an, menm si popilasyon britanik la pi jenn anpil pase popilasyon Itali a epi La Grann Bretay te gen plis tan pou l prepare l anvan pandemi an te rive sou tèritwa li.

Pandanstan Ozetazini otorite lasante yo kontinye anrejistre plizyè dizèn milye nouvo ka enfeksyon chak jou; chif yo montre pou sèl jounen samdi 2 me a plis pase mil 400 moun te pèdi lavi yo. Espesyalis yo lanse avètisman pou yo di li posib pou peyi a genyen pou l fè fas ak yon 2èm vag enfeksyon KOVID19 la si responsab yo pa ogmante seryezman kantite tès y ap fè yo apre yo va fin relache restriksyon yo. Sepandan, nan anpil eta ameriken pèp la kontinye fè presyon pou otorite yo kite aktivite yo retounen nan eta nòmal yo apre kèk semenn kote blokaj aktivite komèsyal yo lakoz ekonomi mondyal la anrejistre pi gwo ralantisman li depi ane 30 yo e sa lakoz tou plizyè milyon anplwaye pèdi travay yo.

Anfen nan Lachin, ki fèk rapòte 2 nouvo ka enfeksyon sèlman, se avèk yon gwo plezi otorite yo wè vizitè rekòmanse debake nan sit touristik yo relouvri apre desizyon yo te pran pou yo relache restriksyon sou vwayaj yo jist anvan yon peryòd 5 jou fèt k ap dire jous madi 5 me a. Pou 2 premye jou selebrasyon popilè sa yo, anviwon yon milyon 700 mil moun vizite sit touristik vil Shanghai yo dapre statistik laprès chinwaz pibliye. Chif la te ka pi gwo toujou si otorite yo pa t limite kantite vizitè yo a 30% kapasite sit touristik yo.

XS
SM
MD
LG