Accessibility links

Breaking News

Etazini: "Rekonstriksyon an Dwe Kontinye; Eleksyon Dwe Dewoule"


Yon gwo fonksyonè nan gouvènman ameriken an, Cheryl Mills --ki te patisipe nan reyinyon Komisyon Enterimè pou Rekonstriksyon Ayiti a-- bay opinyon li sou pwojè rekonstriksyon peyi a e sou dosye eleksyon 28 novanm yo.

Madam Mills se Chèf Pèsonèl Depatman Deta Ameriken an e konseye Sekretè Deta Hillary Clinton. Nan yon entèvyou avèk Lavwadlamerik li ensiste sou enpòtans rapò ayisyano-ameriken yo pou Administrasyon Obama a ak enterè gouvènman ameriken an nan siksè efò kominote entènasyonal la ap deplwaye pou l pote kontribisyon l nan rekonstriksyon Ayiti.

Cheryl Milss di li trè enpòtan pou eleksyon yo dewoule pou Ayiti kapab kontinye eksperyans demokratik li a. N ap site:

"Mwen panse rekonstriksyon an fèt pou l kontinye menm jan eleksyon yo fèt pou dewoule. Gen yon bagay ki trè enpòtan: se responsabilite pwochen prezidan an ak pwochen palamn an pou yo rebati peyi a. Se poutèt sa a pèp ayisyen dwe chwazi lidè ki kapab pran responsabilite sa a."

Korespondan nou Rotchild François, Jr.ap di nou plis

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj Rotchild Francois Jr.

XS
SM
MD
LG