Accessibility links

Breaking News

Etazini-Imigrasyon : Yon Lòt Lejislasyon sou Refòm nan Sistèm nan Echwe nan Chanm Depite a

Lidè minorite demokrat la nan Chanm Bas la, Depite Nancy Pelosi (D-Kalif.), te pale ak laprès anvan yon vòt sou 2 pwopozisyon-lwa konsènan refòm nan sistèm imigrasyon an. Daprè Madam Pelosi, lejislasyon sa yo se yon "konpwomi avèk ledyab." (Foto: AP/J. Scott Applewhite, Washington, 21 jen 2018).

Ozetazini, Chanm Depite a rejte yon pwopozisyon lwa repibliken yo te patwone pou fè refòm nan sistèm imigrasyon an. Vòt la se 121 vwa pou ak 301 vwa kont. Patwon pwopozisyon-lwa sibi echèk la malgre apèl Prezidan Trump te lanse a la dènye minit pou l ankouraje yon majorite palmantè vote pou yo apiye dokimana an. Sepandan, pandan plizyè semèn, lidè ameriken an te fè yon seri deklarasyon sou kont Twitter li kote li te di, antwòt, li te rekonèt ke, menm si pwopozisyon lwa a ta pase nan Chanm Bas la, pa gen anpil chans pou l te jwenn yon vòt favorab nan Sena a.

Yon afè de 100 depite repibliken vote nan menm sans ak demokrat yo pou yo rejte pwopozison-lwa a; konsa pwoblèm anviwon 1 milyon 800 mil jenn imigran ki te antre ilegalman nan peyi a ak paran yo lè yo te timoun, toujou rete san solisyon. Vrèmanvre, palmantè repibliken konsèvatè yo nan chanm depite a, ki te pè pou moun pa t konsidere pwopozisyon-lwa a kòm yon amnisti pou jenn imigran yo, apiye pozisyon demokrat yo e yo vote kont pwopozisyon lwa a; yo pataje analiz manm pati advès la ki kritike tou lòt eleman ki genyen nan dokiman an.

Depite Mike Coffman (R-Kolorado), ki te gen avèk li Depite Jeff Denham (R-Kalifòni, agoch) ak Depite Carlos Curbealo (R-Flo, a dwat) te bay yon konferans pou laprès nan Kongrè a nan Washington, mèkredi 27 jen 2018 la, aprè yon pwopozisyon-lwa sou imigrasyon Repibliken yo te patwone te echwe nan Chanm Depite a ki anba kontwòl yo.

An tou ka, lidè repibliken yo defann pwopozisyon-lwa a ki, dapre sa yo di, << ta satisfè souhè pèp ameriken an ki vle yon apwòch global e total vizavi yon plan refòm nan lwa sou imigrasyon yo -refòm ki mande aplikasyon règleman nou yo dabò avan nou pale de legalizasyon. >>

Ann atandan, depite ameriken yo ale an vakans san yo pa rive jwenn anyen pou fè balans la panche klèman bò kote yo nan yon eleksyon mi-manda difisil k ap tann yo nan mwa Novanm 2018 la. Pandanstan administrasyon Trump la gen pou l repekte lòd yon jij federal ki ba li ant 14 a 30 jou pou l reyini timoun imigran an bazaj li te separe ak fanmi yo, mete a la dispozisyon timoun sa yo mwayen pou yo rete an kontak ak paran yo nan sant detansyon yo epi entèdi depòtasyon paran yo san timoun yo. Prezidan Trump ap menen kanpay pou li ede repibliken yo konsève majorite yo genyen ki nan Chanm Depite a, ni nanSena a.

XS
SM
MD
LG