Accessibility links

Breaking News

Rediksyon Bidjè Pentagòn nan Ozetazini


Minis defans ameriken an Robert M. Gates ak Admiral Michael Mullen
Minis defans ameriken an Robert M. Gates ak Admiral Michael Mullen

Ozetazini, Minis Defans ameriken an, Robert Gates, anonse gouvènman an pral fè yon rediksyon 78 milya dola nan bidjè Pentagòn nan (kidonk, depatman defans la) pandan 5 ane k ap vini la yo, an plis de yon ekonomi 100 milya dola ki te deja nesesè nan depans k ap fèt pou operasyon militè peyi a.

Objektif plan rediksyon Minis Defans la prepare a se ogmante efikasite travay Pentagòn nan; pou sa, plan an prevwa eliminasyon aktivite ki pa twò esansyèl yo, pwojè ki egziste an menm tan nan 2 ou plizyè divizyon ou sèvis (ou ki pase de mòd), epi otorite yo pral itilize ekonomi sa a Depatman an fè a, pou yo lanse löt pwogram tou nèf.

XS
SM
MD
LG