Accessibility links

Breaking News

Rebèl Libyen yo Rejte Tout Lide Negosyasyon ak Rejim Khadafi a


Rebèl Libyen yo Rejte Tout Lide Negosyasyon ak Rejim Khadafi a
Rebèl Libyen yo Rejte Tout Lide Negosyasyon ak Rejim Khadafi a

Rebèl yo nan Libi demanti pawòl k ap di yo fè negosyasyon ak kèk pwòch kolaboratè lidè peyi a, Moammar Khadafi, nan moman konbatan rebèl yo reyalize kèk bon jan pwogrè nan pouse y ap fè pou yo mache pran kapital la, Tripoli, e ranvèse gouvènman an.

Prezidan Konsèy Tranzisyon Nasyonal rebèl yo mete sou pye a, Mustapha Abdel Jalil, pale madi 16 out la pou l di pa t genyen ni negosyasyon dirèk, ni negosyasyon endirèk ak pyès reprezantan misye Khadafi; epi dayè, negosyasyon konsa pa nan katon an menm, eksepte si lidè libyen an aksepte kite pouvwa a.

Daprè nouvèl ki parèt nan laprès oksidantal, kèk pwòch kolaboratè misye Kahdafi sanble te rankontre nan kòmansman semèn sa a ak rebèl libyen yo, ansanm avèk anvwaye Nasyonzini an, Abdul al-Khatib, nan yon otèl ki sou zile Djerba, nan peyi Tinizi.

XS
SM
MD
LG