Byen bonè vandredi 19 out 2011 laNan Libi, omwen 7 gwo eksplozyon fè divès kalte dega nan kapital la, Tripoli, kote bonm tonbe tou prè prensipal rezidans Prezidan Mohammar Khadafi a ak anpil rejyon nan pati lwès vil la.
Kounyela a fòs opozisyon an, k ap sòti nan direksyon sid ak direksyon lwès, ap mache sou Tripoli tandiske fòs l’OTAN yo ap kontwole lanmè a nan direksyon nò.
Chak jou genyen plizyè milye refijye k ap kouri kite kapital la. Pandansetan, gouvènman libyen an lanse apèl pou l mande yon seselfe.
Se konsa Premye Minis Baghdadi Mahmudi pale ak laprès pou l di premye pa sou wout pou mete fen nan larivyè san kap koule a : « Se pou avyon militè l’OTAN yo sispann bonbade pèp libyen an ».