Accessibility links

Breaking News

Rankontant Diplomatik ant Prezidan Brezilyen an ak Prezidan Ajanten an


Prezidan brezilyen an Dilma Rousseff (foto achiv)
Prezidan brezilyen an Dilma Rousseff (foto achiv)

Nouvo prezidan Brezil la, Dilma Rousseff ap vwayaje nan peyi Ajentinn lendi 31 janvye 2011 la , premye vwayaj lidè brezilyen an aletranje depi li te monte sou pouvwa a nan kòmansman mwa janvye a.

Nan yon entèvyou plizyè jounal nan peyi Arjentin pibliye dimanch 30 janvye 2011 la, Madan Roussef kalifye relasyon ant 2 gwo ekonomi sid ameriken yo kòm espesyal e stratejik.

Li fè konnen li pral chache bati yon relasyon pi djanm avèk tokay Ajentin li an, Cristina Kirchner lè yo rankontre nan Buesnos Aires.

XS
SM
MD
LG