Accessibility links

Breaking News

Rankont G-20 ann Almay: Plizyè Gwo Dosye sou Pwoblèm Lemond nan Sant Deba yo ant Lidè Peyi Ki Pi Endistriyalize yo


Nan Somè G20 yo, Prezidan ameriken an, Donald Trump, agoch, ak Chanselye almand lan, Angela Merkel nan Hamburg, Almay, 6 jiyè 2017.
Nan Somè G20 yo, Prezidan ameriken an, Donald Trump, agoch, ak Chanselye almand lan, Angela Merkel nan Hamburg, Almay, 6 jiyè 2017.

Chèf deta 20 pi gwo ekonomi mondyal yo reyini vandredi 7 jiyè 2017 la nan vil Hambourg nan peyi Almay pou Somè G-20 a kap dire 2 jou nan lide pou jwenn konpwomi ak repons pou yon seri pwoblèm pami yo reglemantasyon mache finansye yo, lit kont teworism, chajman klimatik, ak konba kont divès pandemi kap sakaje planèt la.

Jedi 6 jiyè 2017 la, chanselye alman an, Angela Merkel, di li espere lidè mondyal yo ap jwenn yon aranjman ak repons sou yon pakèt kesyon byen ke, dapre li, pa gen anpil sètitid ke yap jwenn yon teren dantant sou kesyon komès ak chanjman klimatik la.

Yon lòt kote, Prezidan ameriken an, Donald Trump, twouve l an dezakò ak lòt lidè mondyal yo depi li retire Etazini nan akò 2015 Pari a sou chanjman klimatik la, yon akò ki vize redui gaz sou rechofman planet la ak politik Etazini sou kesyon komès mondyal la ki rele " America First.” Prezidan Trump fè konnen li gen bon jan plan pou enpoze tarif kòrèk sou enpòtasyon asye Ozetazini.

XS
SM
MD
LG