Accessibility links

Breaking News

Rankont Diplomatik ant Prezidan Karzai ak Prezidan Pakistanè a


Prezidan Afganistan an, Hamid Karzai, pral rankontre avèk prezidan Pakistanè a, Asif Ali Zardari
Prezidan Afganistan an, Hamid Karzai, pral rankontre avèk prezidan Pakistanè a, Asif Ali Zardari

Prezidan Afganistan an, Hamid Karzai, rankontre avèk prezidan Pakistanè a, Asif Ali Zardari madi 1er novanm 2011 la nan yon somè nan Istanbul avèk objektif pou amelyore relasyon ant 2 peyi vwazen yo.

Rankont sa a prezidan Turki a, Abdullah Gul, òganize pral eseye ranje gwo mezantant ki genyen ant 2 gouvènman yo ki bloke nan yon mezantant diplomatik akoz Pakistan swadizan apiye rebèl yo nan Afganistan.

Gen kèk otorite Afgan ki akize sèvis sekrè Pakistan an dèskli li apiye Taliban al Qaida ki gen lyen ak Rezo Haqqani an pou l ka jwen enfliyans nan Afganistan anvan l’Otan retire sòlda l ap dirije yo bò lan 2014.

XS
SM
MD
LG