Accessibility links

Breaking News

Rankont CIRH ak Kandida a Laprazidans yo ann Ayiti


Rankont CIRH ak Kandida a Laprazidans yo ann Ayiti
Rankont CIRH ak Kandida a Laprazidans yo ann Ayiti

Dapré yon nòt ki sòti nan Komisyon Enterimè pou Rekonstwi Ayiti a (CIRH), 2 ko-Prezidan komisyon an, Jean-Max Bellerive (ki se Premye-Minis Ayisyen an) ak Bill Clinton (ansyen Prezidan Lèzetazini) pral rankontre madi 15 fevriye 2011 la nan Pòtoprens 2 kandida a la prezidans yo, Mirlande Manigat ak Michel Martelly.

Nan chita-koze sa yo ki pral dewoule nan Otel Karibé nan Pétion-Ville, 2 ko-prezidan CIRH la, Madam Manigat ak Misye Martelly pral pale de fason travay rekonstriksyon an dwe kontinye, epi pwogram Komisyon an pral reyalize apre chanjman gouvènman an.

Se 2 rankont ak tout pòt fèmen, kidonk jounalis pap gen dwa asiste l . Apre sa, Prezidan Clinton, Premye-Minis Bellerive ak manm CIRH la pral rankontre yon delegasyon Club de Madrid la ak reprezantan UNESCO pou yo pale sou edikasyon, ranfòsman ak ogmantasyon kapasite enstitisyon yo nan peyi Dayiti.

Laprès ap kapab prezan nan rankont sa a. Anfen, ap gen yon konferans pou laprès kote Mesye Clinton ak Mesye Bellerive va reponn kesyon jounalis.

XS
SM
MD
LG