Accessibility links

Breaking News

FCC - Komisyon Kominikasyon Federal- Kondane yon Radyo Pirat nan Miami pou l Peye Plis Pase 140.000,00 Dola


Nan jounen jedi 19 jiyè pase a, ajans federal ameriken ki responsab sipèvizyon fonksyonnman medya yo (an palan de Komisyon Federal Kominikasyon an, FCC), te pran yon desizyon kont yon estasyon radyo pirat ki t ap opere nan Konté Miami-Dade la, nan pati sid Eta Florid. Nan desizyon komisyon an pibliye sou dosye a, li anonse li bay estasyon radyo a yon amand plis domaj-e-enterè ki depase 140 mil dola US poutèt 3 koupab yo t ap jere estasyon ilegal sa a alòske yo te byen konnen yo t ap vyole lalwa. FCC bay eksplikasyon pou desizyon li pran an:

<< Komisyon an pran oserye anpil nouvèl ki pale de radyo k ap opere san otorizasyon. Si yon moun fè yon radyo/televizyon fonksyone san lisans (se sa yo rele “estasyon pirat la”), moun sa a poze yon aksyon ilegal daprè Seksyon 301 Lwa 1934 sou Kominikasyon an, jan li te amande a. Yon estasyon radyo/T.V. konsa dejwe prensipal misyon Komisyon an genyen pou l sipèvize fonksyonnman estasyon radyo yo. Estasyon pirat yo kapab deranje kominikasyon otorize k ap sòti nan medya ki gen lisans yo, menm jan yo ka nui travay ajans piblik k ap bay anons ki sèvi sekirite popilasyon an. An plis de sa, fonksyonnman ilegal sa yo reprezante yon danje pou piblik la, paske yo vin monte sou pòs estasyo ki gen lisans e ki la pou bay oditè yo enfòmasyon ki gen gwo enpòtans pou sekirite piblik la, tankou, pa egzanp, piblikasyon mesaj ki sòti nan Sistèm Avètisman Dijans la (SAD) ki offri enfòmasyon trè-trè-zenpòtan konsènan move tan oubyen lòt evennman danjere ki ka menase sekirite piblik la. >>

DYASPOARAMA 1e. Out 2018/ Tèm: "FCC Kont Radyo Pirat" pa Serge F. Michel/ Envite: Jounalis Ernst Antoine Jean
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:41 0:00

Fenomèn radyo klandesten oubyen radyo pirat sa yo se tèm nou te devlope semèn sa a nan yon segman nou prezante chak mèkredi depi Miami, DYASPORAMA. Preprasyon e prezantasyon Serge François Michel ki genyen kòm envite jounalis Ernst Antoine Jean. Klike sou lyen anlè a pou w tande entèvyou yo a.

XS
SM
MD
LG