Accessibility links

Breaking News

Quebec Pral Takse Moun ki Refize Vaksinasyon Anti-Covid la


FILE PHOTO: Outbreak of the coronavirus disease (COVID-19), in Montreal
FILE PHOTO: Outbreak of the coronavirus disease (COVID-19), in Montreal

Quebec ap prepare pou ranfòse mezi kont moun ki refize pran vaksen an, otorite yo mete yon taks pou moun ki pa pran vaksen an.

Gouvènman pwovens Kanada a Quebec yon kote Varyan Omicron COVID-19 lan sakaje anpil deside mete yon taks pou tout moun ki pa vle pran vaksen an, otorite yo toujou nan diskisyon sou kantite lajan an vle takse popilasyon an.

Pandan yon konferans pou laprès, Premye Minis Quebec la François Legault te estime ke 10% moun ki pa pran vaksen an pa ta dwe "mete lavi" 90% moun ki pran l yo an danje.

Quebec te deja anonse ke sèten biznis ki pa esansyèl ta dwe entèdi pou moun ki pa pran vaksen an, an patikilye sa yo ki vann alkòl ak Cannabis.

Gouvènman Quebec te retounen anpil restriksyon depi 31 desanm 2021 an, tankou kouvrefe apati 10 p.m. ak entèdiksyon rasanbleman prive.

Nan nivo federal, Kanada ap etidye posibilite pou anpeche alokasyon chomaj pou moun ki pap travay ki refize pran vaksen an.

Plizyè pati opozisyon an denonse mezi sa yo.

XS
SM
MD
LG