Accessibility links

Breaking News

Pwoteksyon Kont Krim Sou Jounalis O Meksik Yo


ReprezantanNasyonzini ak Òganizasyon Eta Amerikenyo di madi 24 out 2010 la ke Meksik ta dwe kreye mwayen pou l pwoteje jounalis yo.

Anketè Nasyonzyuni ak OEA yo fè anons sa a aprè yon visit 2 semèn yo sòt fè o Meksik pou mennen ankét sou vyolans kont jounalis yo.

Ankèt sa a fèt apré kidnaping 4 jounalis nan Nò Meksik ki te pase nan fen mwa jiyè pase a.

Otorite meksiken yo di yo te arete kèk moun yo sispèk kòm manm gang dwòg an koneksyon ak kidnaping sa yo.

Tou lè 4 jounalis yo te jwen libète yo. Komite pou pwoteksyon jounalis yo di de lane 2006 a jodi a, gen plis pase 30 jounalis ki disparèt oubyen mouri pa ansasinasyon nan peyi a.

XS
SM
MD
LG