Accessibility links

Breaking News

Pwosesis Sovtaj 33 Travayè Minn Chilyen Yo Prèske Rive Nan Bout Li


Pwosesis Sovtaj 33 Travayè Minn Chilyen Yo Prèske Rive Nan Bout Li
Pwosesis Sovtaj 33 Travayè Minn Chilyen Yo Prèske Rive Nan Bout Li

Peyi Chili ap viv yon moman istorik avèk operasyon sekou pou libere 33 travayè minn ki bloke nan yon minn nan San Jose .

Operasyon kote yon aparèy sekou (Phoenix), pral desann anbatè pou pran mesye yo, ap kòmanse byen ta nan sware madi 12 oktòb 2010 la .

Minis minn chilyen an, Laurence Golborne, anonse nan yon konferans pou laprès li bay toupre minn nan, premye reskape ki te bloke anba a nan yon pwofondè 700 mèt ap rive sou latè anvan minwi .

Prezidan chilyen an, Sebastian Pinera ak tokay bolivyen li, Evo Morales ta dwe ale nan rejyon nò peyi a pou “sovtaj” 33 ouvriye minn ki bloke anba tè depi plis pase 2 mwa.

Otorite yo di sekouris yo kòmanse douvan jou madi 12 oktòb 2010 la “mannèv” pou rale mesye yo anba tè e remonte yo sou latè-fèm, malgre laprès site kèk responsab ki di mouvman sovtaj la te kòmanse anvan sa.

Enjenyè ak ekspè k ap travay nan ekip sekou panse operasyon sovtaj sa a ka pran yo 2 jou, puiske se youn pa youn y ap rale 32 chilyen yo ak bolivyen ki prizonye andedan minn-nan depi 5 out ane sa a.

Fanmi minye yo ap òganize yon veye priyè nan zòn toupre minn nan ki rele “Kan Lespwa”.

XS
SM
MD
LG