Accessibility links

Breaking News

Pwogrè fèt nan Tretman Kont Tibèkiloz ak VIH/ SIDA


Òganizasyon Mondyal La Sante (OMS) rapòte pasyan ki resevwa tretman kont Tibèkiloz ak VIH/ SIDA an mè m tan gen gwo chans pou siviv maladi sa yo.

Pwogram Tretman Entegre Tibèkiloz/ HIV a tèlman reyisi ke Oganizasyon Mondyal la Sante mande gouvènman ak enstiti sanitè yo pou aplike l nan pwogram prevansyon ak tretman entegre moun ki gen viris VIH a ke y ap trete pou Tibèkiloz. Se yon etid ki te dire 6 zan. Direktè OMS la Depatman Sispann TB a Doktè Mario Raviglione, eksplike VIH ak Tibèkiloz konsidere kòm yon epidemi doub akoz relasyon yo.

VIH afekte Sistèm iminitè a epi ogmante posibilite pou trape enfeksyon Tibèkiloz avan li devlope maladi Tibèkiloz. TB se youn pami koz prensipal lanmò moun ki enfekte ak viris VIH la. Nou estime anviwon 350 mil moun viris VIH la touye chak ane gen pou wè ak maladi Tibèkiloz. Sou chak 4 moun ki mouri ak maladi SIDA youn pami yo soufri ak Tibèkiloz.

Doktè Mario Raviglione fè konnen li fè sans pou koòdone tretman ak prevansyon VIH ak TB. Se sa k te fèt ant 2004 ak 2010.

An 2004 OMS te pibliye yon nouvo gid pou mande yon kolaborasyon pi sere nan aktivite pou trete pasyan kap soufri ak TB ak VIH. Plizyè gouvènman te kòmanse aplike politik la an 2005 ak yon rezilta satisfezan

OMS di kantite moun k ap viv ak viris HIV e ki teste pou Tibèkiloz miltipliye soti nan prèske 200 mil an 2005 pou rive a 2 milyon 300 mil an 2010. Tès pou VIH pami pasyan ki gen Tibèkiloz ogmante soti nan 470 mil pou rive nan 2 milyon 200 mil pandan menm periòd la.

Dr Raviglione di kontinan Afriken an se kote yo obsève pigwo pwogrè.

Kantite peyi ki teste pou VIH la ogmante soti nan 5 peyi sèlman an 2005 pou rive a 31 an 2010 -sitou kote 2 epidemi sa yo ekziste. Jiskan 2010, yo idantifye e trete plis pase 60 pousan moun yo estime k ap viv ak VIH e ki devlope yon Tibèkiloz aktiv. Se yon rezilta remakab pou otorite nan domèn sante Piblik.

Kòm konsekans Dotè Raviglione di yo sove la vi prèske 1 milyon moun—moun ki te kapab mouri si yo pat mete sou pye pwogram sa yo.

Politik OMS la gen 3 eleman prensipal ladann. Ajans Nasyonzini an di Pasyan kap soufri ak Tibèkiloz, patnè yo ou byen fanmi yo dwe fè tès pi souvan.

Ajans Nasyonzini an di tout pasyan k ap soufri ak maladi Tibèkiloz ki enfekte ak virus VIH la dwe resevwa medikman ki pa koute chè e ki bay bon rezilta. OMS rekòmande tout pasyan sa.

XS
SM
MD
LG