Accessibility links

Breaking News

Pwogrè a Dousman Nan Peyi Dayiti men Gen Pwogré ki Fèt


Pwogrè a Dousman Nan Peyi Dayiti men Gen Pwogré ki Fèt
Pwogrè a Dousman Nan Peyi Dayiti men Gen Pwogré ki Fèt

Mèkredi 12 Janvye 2011 lan ap fè 1 an depi yon kokenn tranblemanntè te frape e detwi 3 vil enpòtan peyi Dayiti. Nan yon mesaj li fè parèt pou premye anivèsè trajedi sa a, Anbasadè Lèzetazini nan Pòtoprens la, Kenneth Merten, jete yon kout je sou 12 dènye mwa yo e sou efò peyi li ak Kominote Entènasyonal deplwaye pou ede Ayiti ak pèp ayisyen an rekanpe e sou pwogrè nasyon karibeyen an reyalize. Diplomat ameriken an a p di n tou pèspektiv li pou Ayiti pou ane k ap vini yo:

Kenneth Merten
Kenneth Merten
"Lè mwen te rive ann Ayiti kòm anbasadè, chomaj t ap vale teren, gouvènman an pat ka ofri sèvis de baz tankou edikasyon ak swen sante e se sèlman 12% nan popilasyon an ki te gen kouran elektrik lakay yo. Se te nan mwa Daout 2009---kèk mwa anvan tranblemanntè ki devaste peyi a, sa gen preske yon lane.

35 segond latèrè Ayiti sibi nan jou madi 12 janvye a touye 230 mil moun, blese plizyè santèn milye lòt e kite preske 2 milyon ayisyen san kote pou yo rete, kraze ekonomi an e ogmante pwoblèm nasyon an te deja ap konfwonte. Ayiti pèdi plis pase 30% nan sèvis sivil li ak tout biwo leta yo, anwetan youn.

Jan prezidan Obama di l la, se kòmsi Etazini nan yon moman tèrib te pèdi apeprè 8 milyon moun, oubyen se kòmkidire se yon tyè nan peyi nou an, 100 milyon ameriken toudenkou pat gen ni kay, ni manje, ni dlo.

Jodi a, Lèzetazini rete angaje pou ede rebati yon Ayiti pi stab e pi pwospè. Tankou anpil patnè entènasyonal Ayiti yo, nou bay plis pase 400 milyon dola nan fon sekou imanitè pou poze fondasyon pou yon developman alontèm avèk 1 milya 15 milyon dola pwomès ki te fèt nan konferans donatè yo nan mwa mas 2010 la pou ede rebati peyi a. Efò nou yo fè pati yon pwogram rekonstriksyon kominote Entènasyonal la ap kowodone ---yon pwogram ki makonnen ak inovasyon pou remete ekonomi peyi Dayiti sou 2 pye l--- yon ekonomi ki, anvan tranblemanntè a, te anrejistre yon kwasans pandan plizyè ane youn dèyè lot.

Pwogrè a Dousman Nan Peyi Dayiti men Gen Pwogré ki Fèt
Pwogrè a Dousman Nan Peyi Dayiti men Gen Pwogré ki Fèt

Komisyon rekonstriksyon enterimè Ayiti a ki gen nan tèt li Premye Minis Jean Max Bellerive ak ansyen Prezidan Bill Clinton, asire ke pwojè sekou ak developman yo kowòdone e konsekitif ; kidonk nou pa pral «bati okenn pon ki pap mennen moun oken kote». Anpil peyi manm, sòti Kanada ak Brezil, rive sou la Frans anpasan pa Venezyela, mete ak enstitisyon tankou Nasyonzini ak Bank Entèameriken developman, yo tout pran angajman pou ede Ayiti reyalize yon demen miyò. Kontrèman ak efò ki te fèt anvan yo pou rebati peyi a, Komisyon entèrimè a gen ladann reprezantan gouvènman ayisyen an, sektè prive a ak sosyete sivil la.

Gouvènman Etazini an mennen ekspètiz divès ajans alòske n ap fè envestisman nan domèn agrikilti ak sekirite manje, enfrastrikti ak pwojè enèji, swen-sante ak gouvènans ak pwogram sekirite.

Nou branche tou sou inovasyon: Telefòn pòtab pèmèt ameriken kontribye nan efò sekou ak efò pou ede Ayiti rekanpe sou pye l. Yo bay plis ke 35 milyon dola- --e sa pral bay ayisyen yo posibilite pou yo ede tèt yo.

Pwogrè a Dousman Nan Peyi Dayiti men Gen Pwogré ki Fèt
Pwogrè a Dousman Nan Peyi Dayiti men Gen Pwogré ki Fèt
N ap travay avèk fondasyon Bill ak Melinda Gates e nou ofri ankourajman finansye pou devlope konpetisyon nan sektè prive Ayiti a pou l ka pote sèvis bankè bay popilasyon an atravè telefon selilè. Semèn sa a, nou pral bay premye konpayi ki lanse sèvis bankè mobil la yon rekonpans 2 milyon 500 mil dola.

Ayisyen yo debwouye yo anpil, yo gen anpil lespri antrepriz. Kèk jou sèlman apre tranblemanntè a, mwen te wè kyòsk k ap vann lotri, boutik pwodui bote e menm sal sinema nan kan yo. E nan mwa apre yo, biznis yo te relouvri e gen lòt nouvo komès ki ouvè pòt yo. Sepandan, pifò nan antreprenè sa yo pa genyen mwayen pou kontwole lajan yo oubyen pa gen yon kote pou mete l an sekirite. Sistèm bankè mobil la, se sèlman kòmansman inovasyon ki kapab amelyore lavi plizyè milyon moun ann Ayiti.

Nou konnen pwogrè, se pa yon bagay ki toujou vizib, e nou konprann fristrasyon moun santi devan kadans rekonstriksyon an. Sepandan, pwogrè ap fèt menmsi se pa nan dimansyon nou ta vle a ou ak vitès nou swete a. Gouvènman ayisyen an te mete sou pye yon kominikasyon pwo aktif ak efò pou prevni inondasyon anvan sezon lapli ane pase a, e l te pran tèt efò entènasyonal ki te sou pye nan kad pasaj siklòn Tomas nan mwa novanm ane pase a.

Pwogrè a Dousman Nan Peyi Dayiti men Gen Pwogré ki Fèt
Pwogrè a Dousman Nan Peyi Dayiti men Gen Pwogré ki Fèt

Syantifik ayisyen nan Depatman Sante Piblik ak Popilasyon an te idantifye maladi Kolera a tousuit apre li te eklate nan peyi a, e ministè a te kowòdone repons kominote entènasyonal la nan sans san a. Yon pati enpòtan nan repons sa a, se enfòmasyon sou sante piblik ak ijyèn e anons piblik ministè a fè ki, ase souvan, vize timoun piti kap resite yo mo pou mò ak fyète chak fwa moun ap pase. Anons sa yo se anons moun ka tande nan tout radyo.

Lèzétazini, bò kote pa’l, anplwaye 350 mil moun nan kad pwogram « travay pou lajan an » ki bay ekonomi ayisyen an yon bèl bourad. Nou envesti tou nan inisyativ agrikòl, sa ki ede danre anrejistre yon ogmantasyon 75% pa rapò ak rekòt ane pase a nan kèk rejyon. E nou jwe yon wòl enpotan nan efò pou elimine debri yo. Pwogrè a ap fèt pitipiti, sepandan menm jan ak lòt moun nan anbasad amerikèn-nan, mwen wè pwogrè sou wout mwen chak jou lè mwen pral nan travay. Nou wè demolisyon restan bilding ki te kraze, e apre sa yo wetire debri yo nan zòn nan ke yo konvèti an chantye konstriksyon. Travay la ap rapousuiv.

Pwogrè a Dousman Nan Peyi Dayiti men Gen Pwogré ki Fèt
Pwogrè a Dousman Nan Peyi Dayiti men Gen Pwogré ki Fèt
Plizyè gouvènman, òganizasyon miltilateral ak sektè prive a ap kolabore dekwa pou marye “dola devlopman ak lajan envestisman” pou kreye travay pèmanan. Depatman Deta ameriken a siyen 2 akò ak gouvènman ayisyen, Bank entèameriken devlopman ak 2 pi gwo manifakti nan Kore Di Sid, yon fason pou eksplore posiblite pou bati yon pak endistriyèl ki ka kreye plizyè dizèn milye anplwa ak lojman pèmanan pou plizyè milye ayisyen.

Pandan 3 misyon diplomatik mwen mennen deja isit la, mwen konstate enpòtans kreyasyon djòb ann Ayiti, e mòd akò sa yo rann mwen optimis.

Nou gen devan nou yon chimen long e difisil. Kounye a n ap pran yon ti pòz pou n sonje moun ki mouri yo. Sepandan, nou reyafime angajman nou pran vizavi moun ki vivan yo na p ede yo bati yon Ayiti pi stab e pi pwospè ansanm ak avni pèp ayisyen an vle a."

XS
SM
MD
LG