Ayman al-Zawahri te pran nesans nan mitan yon fanmi rich nan peyi Lejipt. Men eksperyans li fè nan lavi a vin fè l tounen yon teworis islamik radikal ki pwovoke lapèrèz.
Pa pwofesyon misye se yon doktè-chirijyen; men se yon ideyoloji radikal ki enspire aksyon n yo. Jounen jodiya se li ki nan tèt rezo teworis al-Kayda kòm ranplasan Osama Bin Laden.
Pandan lontan li te travay kòm premye asistan Bin Laden; nan pozisyon sa a li te gen pou apiye tout operasyon al-Kaida t ap mennen gras ak taktik li konnen ak talan li genyen pou l òganize.
Ayman al-Zawahri te pran nesans nan vil Lekèr, kapital peyi Lejip. Kòm anpil jèn ejipsyen ki te gen bon jan edikasyon ak fòmasyon entèlektyèl nan ane 60 yo, li te revòlte lè l te wè jan otorite yo t ap trete militan islamis yo nan moman peyi a t ap glise sou pant kote li t ap adopte sistèm leta sovyetik la, sou gouvènamn lidè sosyalis Gamel Abdel Nasser.
Nan epòk la otorite ejipsyen yo ta pral mete nan prizon tout moun yo te sispèk kòm « eleman sibvèsif », sètadi moun yo te konsidere kòm opozan ki t ap chofe tèt pèp la pou l leve kont gouvènman an.
Pandan al-Zawahri t ap etidye pou li pran diplòm doktè li, li te fòme yon òganizasyon ki te rele Gwoup Militan Ejipsyen pou yon Jihad Islamik. (“Jihad islamik” vle di yon lagè sent islamik).
An 1981, nouvo lidè al-Kayda a te youn nan jèn kad otorite ejipsyen yo te jije nan vil Lekèr pou responsablite yo nan konplo ki te fèt pou ansasinen Prezidan Anwar al-Sadat. Gen obsèvatè ki konsidere li kòm prensipal sèvo ki te planifye atak teworis ki te fèt sou Lèzetazini nan dat 11 septanm 2001.