Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Di yon Fwa Ankò Somè Li a ak Prezidan Ris la, Vladimir Putin, "Sete Yon Bon Bagay"


Prezidan Donald Trump ak Prezidan Vladimir Putin ki t ap bay lanmen aprè yon konferanspoulaprès yo te bay nan okazyon premye somè yo a nan vil Hensinki. (Foto: Palè Prezidansyè, Helsinki, Peyi Fenland, 16 jiyè 2018).
Prezidan Donald Trump ak Prezidan Vladimir Putin ki t ap bay lanmen aprè yon konferanspoulaprès yo te bay nan okazyon premye somè yo a nan vil Hensinki. (Foto: Palè Prezidansyè, Helsinki, Peyi Fenland, 16 jiyè 2018).

Prezidan Donald Trump deklare, lendi 23 jiyè a, li pa t bese ba ditou devan Prezidan ris la, Vladimir Putin -li pa t fè lidè ris la okenn kado- pandan somè semèn pase a nan Helsinki, nan Peyi Fenland; men moun poko konnen vrèman an detay sa k te di nan yon tètatèt 2 lidè yo te fè a 2.

M. Trump ekri sou kont Twitter li: "Nou te pale senpleman de avantaj somè a va genyen nan lavni pou 2 peyi nou yo; e n te antann nou trè byen. Se yon bon bagay sòf pou medya konwonpi a." M. Trump denonse medya tradisyonèl la poutèt li bay "nouvèl fo" e li fè "repòtaj negatif" sou somè a. https://twitter.com/realDonaldTrump/status/1021370601863294977

Pezidan Donald Trump (agoch) ak Prezidan Vladimir Putin nan Helsinki, Peyi Fenland, 16 jiyè 2018.
Pezidan Donald Trump (agoch) ak Prezidan Vladimir Putin nan Helsinki, Peyi Fenland, 16 jiyè 2018.

Prezidan Trump ak M. Putin te fè yon rankont a 2 ak tout pòt fèmen pandan plis pase 2 zèdtan; se entèprèt yo sèlman ki te avèk yo. Depi jou sa a Misye Trump alelplizyè fwa pil di yo te abòde kesyon entèferans Larisi nan eleksyon prezidansyèl 2016 la Ozetazini, fason pou yo konbat zak teworis nan lemond, sekirite pou Izrayèl, nesesite pou yo ralanti kous-pou-zam ant 2 peyi yo, anneksyon Preskil Krime a ke Larisi te reyalize nan peyi Ikrèn nan lane 2014, atak sibènetik, komès lapè nan Mwayen Oryan an, pwogram nikleyè Kore di Nò a, ak plis tèm toujou.

Sepandan detay sou sa 2 lidè yo te deside fè sou dosye yo poko sòti deyò. Nan fen semèn pase a Prezidan Trump te envite Prezidan Putin nan La Mezon Blanch pou yon 2èm somè ki ta dwe dewoule nan kèk mwa konsa.

XS
SM
MD
LG