Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Kontinye Defann Dekrè sou Entèdiksyon Vwayaj Kont 6 Peyi an Majorite Mizilman yo


Prezidan Ameriken an, Donald Trump, nan sant, pandan yon reyinyon nan Lamezon Blanch, 6 jen 2017.
Prezidan Ameriken an, Donald Trump, nan sant, pandan yon reyinyon nan Lamezon Blanch, 6 jen 2017.

Prezidan Etazini an, Donald Trump, antre sou kont Twitter li lendi 5 jen 2017 la nan aswè kote li mande ankò yon entèdiksyon kont vwayajè kap soti nan sal rele “peyi danjere” pandan li kritike sa li wè kòm efò “politikman kòrèk” pou adousi premye dekrè li a ki entèdi pou Etazini pa resevwa vwayajè ki soti nan yon gwoup peyi kote majorite moun-yo se Mizilman.

Anvan sa prezidan an akize Depatman Jistis la poutèt li te adousi premye dekrè a ke tribinal te bloke.

Premye dekrè a te entèdi moun ki soti an Irak, Siri, Libi, Yemen, Somali ak Soudan antre nan peyi a pou 90 jou e li te entèdi pou yon tan ke l pa defini refijye k ap soti nan Siri, pandan li pa mete nan entèdiksyon sa a moun ki nan minorite relijye yo.

Yon tribinal dapèl nan vil Richmond, Eta Vijini, te pran desizyon pou l pa remete an aplikasyon dekrè Prezidan Donald Trump la. Tribinal la pran desizyon an nan jedi 25 me 2017 la; li fè konnen dekrè prezidansyèl la se tou senpleman yon "entèdiksyon kont mizilman."

XS
SM
MD
LG