Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Pral Pale ak 3 Lidè Ewopeyen Avan Somè Peyi G-20 yo


Konstriksyon yon podium kote Prezidan ameriken an, Donald Trump gen pou pran lapawòl pandan vizit li nan peyi Polòy avan fen semèn nan nan Krasinski Square nan Warsaw, Polòy, 3 jiyè 2017.
Konstriksyon yon podium kote Prezidan ameriken an, Donald Trump gen pou pran lapawòl pandan vizit li nan peyi Polòy avan fen semèn nan nan Krasinski Square nan Warsaw, Polòy, 3 jiyè 2017.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, fè konnen li gen pou l pale lendi 3 jiyè 2017 la ak lidè 3 peyi alye sou kontinan ewopeyen an anvan li ale patisipe nan somè lidè pi gwo peyi endistriyalize yo sou planet la. Prezidan Trump tap pale de peyi Lalmay, Lafrans ak Itali. Somè a pral dewoule nan fen semèn sa a nan vil Hambourg, ann Almay.

Nan yon mesaj mesye Trump pibliye sou kont Twitter li byen bone nan menm jounen lendi a, li pa bay detay sou kesyon li ka abòde ak chanselye alman an, Angela Merkel, prezidan fransè a, Emmanuel Macron, ak premye minis italyen an, Paolo Genti-loni.

Madam Merkel di li atann li aske lidè mondyal ki pral patisipe nan somè G-20 an va mete yo dakò sou nesesite pou yo kontinye konbat teworis nan lemond, menm lè yo pa ta antann yo sou kèk lòt kesyon enpòtan.

XS
SM
MD
LG