Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump di Li Ta Renmen pou Ameriken yo Retounen nan Travay Pi Vit Posib


Prezidan ameriken an Donald Trump
Prezidan ameriken an Donald Trump

Prezidan ameriken an, Donald Trump, ta renmen pou Ameriken yo retounen nan travay pi rapidman posib pandan yo youn ap kenbe yon distans sekirite vizavi lòt pou evite pwopagasyon maladi KOVID-19 la, yon konbinezon ki sanble pa posib, dapre espesyalis yo.

Nan yon nòt Misye Trump pibliye madi maten (24 mas 2020) sou kont Tweeter li, li deklare:

“Pèp nou an ta renmen retounen nan travay. Yo pral obsève yon distans sosyal e yo va pran lòt prekosyon; tandiske nou va pwoteje gran moun aje nou yo e manifeste lanmou pou yo. Nou ka fè 2 bagay sa yo ansanm. GERIZON AN PA KAPAB PI MAL PASE PWOBLEM NAN.”

Nan tweet sa a Prezidan Trump repete deklarasyon li te fè bay laprès nan sware dimanch la nan sal konferans Mezon Blanch la. Nan nòt lidè ameriken an pibliye lendi a, li di: “Peyi nou an se pa yon peyi ki sipoze bloke tout aktivite li yo.”

Nan pwen-de-près ekip espesyal La Mezon Blanch sou kowonaviris la bay chak jou, Misye Trump te di gen yon gwo ekip k ap travay sou pwochen etap yo pral franchi nan efò pou mete fen nan fèmti pi gwo ekonomi nan lemond nan. Prezidan an te ajoute: “Gen yon moman ki rive kote peyi a dwe reprann aktivite li yo e kontinye avanse. Anvan lontan e trè byento Lèzetazini pral ouvè ankò pou biznis.”

Avèk deklarasyon sa a Misye Trump montre aklè li vle konpare risk pandemi COVID-19 la poze avèk dega peyi a ap sibi akoz fèmti pi fòè biznis li yo epi gade kisa ki pi lou nan balans la. Li eksplike sa pa p pran ant 3 a 4 mwa, jan kèk moun prevwa sa a, paske yo di menas tèrib viris la poze a pa p fini rapidman. Prezidan an deklare finalman –nap site: “ Si doktè yo te ka fè sa yo vle fè a, yo t ap fèmen le mond antye,” fen sitasyon.

XS
SM
MD
LG