Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ameriken an, Donald Trump, Pral Fè Premye Diskou Devan Nasyon Ewoup yo nan Peyi Polòy


Prezdian Donald Trump ak premye Dam Melania Trump nan moman yo tap kite Etazini nan avyon Air Force One nan pou ale ann Ewop nan peyi Polòl. 5 jiyè 2017.
Prezdian Donald Trump ak premye Dam Melania Trump nan moman yo tap kite Etazini nan avyon Air Force One nan pou ale ann Ewop nan peyi Polòl. 5 jiyè 2017.

Prezidan Etazini an, Donald Trump, espere yon akèy zanmitay lè l rive nan kapital peyi Polòy la jounen mèkredi 5 jiyè 2017 la nan premye etap yon misyon diplomatik 4 jou ke l ap fè ann Ewòp.

Sepandan, lidè ameriken an ap fè fas ak kè-sote ki la depi kèk tan nan tout kontinan an akoz kèk deklarasyon ke li te konn fè, tankou sou angajman li vizavi l OTAN ak desizyon l pou l soti nan akò Pari sou klima a, ansanm lwanj ke li te konn fè pou tokay ris li Vladimir Putin.

Mesye Trump pwal fè diskou sou plas Krasinski nan kapital la Varsovi, yon zòn ki gen repitasyon pou rezistans kont rejim kote lidè ekzekitif kenbe tout pouvwa anba men l.

XS
SM
MD
LG